Accessibility links

Breaking News

Lidè Hamas Ismail Haniyeh Mouri Asasinen nan Teheran


BEIRUT (AP) — Lidè wo plase politik Hamas la, Ismail Haniyeh, mouri nan yon frap aeryen nan Teheran, kapital Iran. Gwoup militan Hamas la ak Iran blame Izrayèl .

Asasina chokan sa a riske ogmante konfli Gaza a menm lè Etazini ak lòt nasyon yo t ap goumen pou anpeche yon lagè rejyonal.

Lidè siprèm Iran an, Ayatollah Ali Khamenei, pwomèt pou l tire revanj kont Izrayèl apre li touye sa misye dekri tankou "yon envite mwen renmen anpil," kèk èdtan apre Haniyeh te asiste inogirasyon nouvo prezidan Iran an.

Izrayèl pa fè kòmantè sou atak la. Etazini di li pat o kouran e li pat patisipe nan atak la.

Sepandan, Izrayèl te pwomèt pou l touye Haniyeh ak lòt lidè Hamas yo kom revanj pou atak gwoup la te fè 7 oktòb sou Izrayèl la ki te touye 1,200 moun.

XS
SM
MD
LG