Accessibility links

Breaking News

Houthi yo Lanse Atak nan Yemen


A satellite image shows a closer view of burning oil tanks after an Israeli air strike in Hodeidah
A satellite image shows a closer view of burning oil tanks after an Israeli air strike in Hodeidah

Yon atak misil ke rebel Houthi yo lanse etan nan Yemen frape yon bato container ki gen drapo peyi Liberya, ki t ap travèse Golf Aden nan, dapre sa otorite yo di ayè dimanch la, premye atak gwoup la depi lè frap izraelyen te vize li.

Yon lòt kote, rebèl yo fè konnen yo desann yon dronn espyon Etazini ayè dimanch la, e apre sa te pibliye imaj dronn ki kraze a sou flan mòn nan.

Houthi yo pa bay eksplikasyon sou 2 semenn pòz ke yo te pran nan atak sou bato ki ap travèse koridò Lanmè Wouj la, e atak yo te ralanti depi yo te koumanse frap an Novanm pase akoz lagè Izrael ak Hamas nan Gaza a. Men atak yo rekoumanse apre asasinay lidè Hamas, Ismail Haniyeh, nan Iran, peyi ki se prensipal byenfetè pou Houthi yo, pandan gen kè-sote pou lagè a pa gaye nan tout rejyon an.

XS
SM
MD
LG