Accessibility links

Breaking News

Katar kondane asasina lidè Hamas


Iran Mideast Tensions
Iran Mideast Tensions

Katar kondane Mèkredi "asasinay" lidè Hamas Ismaïl Haniyeh nan yon atak nan Teheran ke yo lage sou do Izrayèl, epi li poze tèt li kesyon pou konnen si Katar ka kontinye sèvi kòm medyatè pou jwenn yon ola nan lagè Gaza a ant Izrayèl ak mouvman islamis palestinyen an.

Katar, kote Ismaïl Haniyeh t ap viv ann ekzil, denonse sa li rele "krim mechan" ki se "yon vyolasyon flagran kont lwa entènasyonal ak lwa imanitè", dapre yon nòt pou laprès ki soti nan Ministè Afè Etranjè.

Katar, Ejip ak Etazini ap fè chita pale depi plizyè mwa pou jwenn yon kanpe goumen nan Gaza.

Premye Minis Katar, Sheikh Mohammed bin Abdelrahmane Al-Thani, poze kesyon pou konnen si li ta dwe kontinye medyasyon an.

Li ekri sou rezo sosyal X : "Asasinay politik ki ap fèt epi sivil ke yo pa sispann vize nan Gaza ... fè nou poze kesyon sou kijan medyasyon ka reyisi lè yon pati nan chita pale a asasinen negosyatè lòt pati a."

Li di : "Pou gen lapè, fòk gen patnè serye," pandan negosyasyon sou yon ola nan Gaza ap trennen.

Pou Ministè Afè Etranjè Katar la, "asasinay sa a ak konpòtman ensousyan Izrayèl, ki kontinye ap vize sivil nan Gaza, pral lakòz dezòd nan rejyon an e gate chans pou gen lapè."

Li repete "pozisyon fèm Katar, ki rejte vyolans, teworis ak zak kriminèl tankou asasinay politik, pou kèlkeswa motif ki dèyè yo ak pou kèlkeswa rezon an."

Pi ta nan jounen an, ministè a di nan yon deklarasyon ke Sheikh Mohammed te resevwa yon apèl Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken.

XS
SM
MD
LG