Izrayèl Refize Demann La Tiki Fè pou l Lage Asistans pou Gaza

Minis Afè Etranje La Tiki deklare Izrayèl refize demann peyi li fè pou lage asistans imanitè pou Palestinyen yo nan Gaza pa avyon. Minis Hakan Fidan di Ankara va pran nouvo mezi kont Izrayèl pou reponn desizyon sa a.

La Tiki denonse Izrayèl poutèt ofansiv li lanse nan Bann Gaza a kote anpil moun ap viv, e li mande pou gen yon seselfe tou suit. La Tiki voye plizyè dizèn milye tòn asistans imanitè nan Gaza depi kòmansman lagè a 7 Oktòb.

Lèzetazini te komanse lage asistans pou Gaza pa avyon mwa pase a, ansanm ak Peyi Ba, La Frans, Espay epi lot peyi ankò.

Otorite Izrayelyen yo poko reponn demann Reuters fè pou kòmantè sou nouvèl sa a.