Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Biden di Netanyahu Sipò Ameriken nan Lavni Pral Depann de Nouvo Mezi li Pran pou Pwoteje Sivil yo

Foto konbinezon sa a montre Prezidan Joe Biden (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat).
Foto konbinezon sa a montre Prezidan Joe Biden (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat).

Lamezonblanch pibliye yon kont randi konvèsasyon telefòn Prezidan Joe Biden te genyen ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu maten an.

Dapre nòt li voye bay jounalis yo e nap site: Prezidan Biden mete aksan sou le fèt ke atak kont travayè imanitè yo ak sityasyon imanitè a an jeneral nan Gaza pa akseptab. Li deklare klèman bezwen ki egziste pou Izrayel anonse aplikasyon yon seri mezi konkrè presi e mezirab pou pwoteje sivil yo anpeche soufrans imanitè epi sekirize travayè imanitè yo. Li di klèman ke evalyasyon nou de mezi imedya Izrayel pran sou etap sa yo pral detèmine politik Etazini pa rapò ak Gaza. Li souliyen ke yon seselfe imedya esansyèl pou amelyore sityasyon imanitè a epi pwoteje sivil inosan. E li ankouraje Premye Minis la pou l bay negosyatè li yo pouvwa pou finalize yon antant san pèdi tan pou otaj yo ka tounen lakay yo."

Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken pandan yon konferans pou lapres apre yon rankont minis afe etranje LOTAN yo nan Brusel, Beljik, 4 Avril 2024.
Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken pandan yon konferans pou lapres apre yon rankont minis afe etranje LOTAN yo nan Brusel, Beljik, 4 Avril 2024.

Sekretè d Eta Antony Blinken pale sou frap Izrayelyen an nan diskou li pwononse jodia a l okazyon 75em anivèsè LOTAN nan katye jeneral li nan Brusèl, Bèljik:

"Byen antandu sak te pase apre 7 Oktòb la te ka fini imedyatman si Hamas te sispann kache dèyè sivil, lage otaj yo epi depoze lèzam. Men Izrayèl pa Hamas. Izrayèl se yon demokrasi. Hamas se yon òganizasyon teworis. E demokrasi valorize lavi kretyen vivan pi plis. Lavi tout kretyen vivan. Jan nou konn di l moun ki sove yon vi sove mond lan. Se fòs nou e se sak fè distenksyon ant noumenm ak teworis yo. Si nou pèdi respè pou lavi kretyen vivan pa gen diferans ant noumenm ak teworis yo. "

Repons Izrayel

Lame Izrayel deklare Jedi li pwal pibliye “tale konsa” anket li mennen sou frap ki te fet sou yon konvwa ONG World Food Kitchen ki touye 7 travaye imanitè.

Amiral Daniel Hagari deklare anket la dewoule yon fason kle e transparan.

"Jodia nou prezante anket sou ensidan grav kote anplwaye World Food Kitchen te mouri trajikman. Se yon oganizasyon ki konsakre tèt li pou fe byen, bay moun ki nan bezwen nan Gaza yo manje. Li te bay sitwayen Izrayel manje apre 7 Oktob. Nou te mennen yon anket an detay.”

Gen plis pase 33 mil Palestinyen ki mouri nan konfli Izrayelo-Hamas la ki la depi 6 mwa. Gen plis pase 75,600 lòt ki blese dapre chif ke Ministe Sante Gaza a pibliye Jedi.

Ministè a pa fè diferans ant lanmò sivil ak konbatan nan chif li pibliye yo men li di fanm ak timoun reprezante 2 tyè nan viktim yo.

Mekredi swa, Minis Defans Etazini Lloyd Austin te di tokay Izrayelyen li ke frap kote Izrayel di li te vize travaye imanitè yo pa erè, sa ranfose kè-sote Etazini genyen sou plan Izrayel genyen pou lanse yon ofansiv atè nan sid Gaza. Austin di fok Izrayel fè plis efò pou pwoteje lavi sivil ak travayè imanite ki nan zonn lagè a.

Pandansetan, Nasyonzini di pifò popilasyon rejyon nò Gaza prèt pou mouri ak grangou.

Isit Ozetazini, Prezidan Joe Biden ap fè fas ak pwotestasyon pou konfli Gaza a. Vrèman vre, li te konfwonte ak youn andedan Mezonblanch semen sa a.

Reyakzyon Mizilman Ameriken

Sete pandan yon rankont prive Madi kote Biden, vis presidan Kamala Harris ak responsab sekirite nasyonal Etazini yo tap tande kè-sote Mizilman Ameriken yo pa rapò ak lagè Izrayel ak Hamas la.

Yon ti tan apre konvesasyon an te tanmen, yon doktè Palestinyen Ameriken ki rete Chicago ki travay kom volontè nan Gaza te anonse lap vire do li.

Anvan li te pati kite rankont la Thaer Ahmad te prezante bay prezidan an let yon tifi 8 an ki pèdi paran li e kap viv nan Rafah. Lèt la te gen yon foto avè l. Ahmad Biden te bay yon repons an soudin.

"Donk mwen te leve epi eskize m epi m di mwen ta renmen bawou let sa a ke yo tifi 8 an ekri. Li rele Hadeel. Li rete anba yon tant nan Rafah. Kounyela a. Li se yon orfelen e li se moun Khan Yunis e li pedi kay li ak tout manm fanmi li. Epi nan lèt la, timoun nan ap soupriye prezidan an esansyelman pou asire ke yo pa anvayi Rafah paske li pè anpil pou sa pa rive. Donk mwen te vle remet Biden foto li tou. Li gade foto a e li di li konprann. Donk apre sa mwen kite sal la.”

Apui Biden pou operasyon militè Izrayel nan Gaza – ak lavant zam Ameriken – soulve kolè nan mitan Mizilman Ameriken yo.

Lagè a te tanmen 7 Oktob apre yon atak sipriz Hamas ki te touye 1,200 Izrayelyen, dapre chif ke Izrayèl te bay.

Se Mezonblanch ki te oganize rankont ak Mizilman yo – yon dine pou selebre fen mwa Ramadan an. Plizyè lidè kominitè Mizilman te refize envitasyon an paske yo di li pa apwopriye nan moman kote anpil moun ap mouri grangou nan Gaza.


Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell kontribye a repòtaj sa a

See all News Updates of the Day

Sòlda Izrayelyen Tire Nan Tèt Yon Sitwayen Ameriken Ki Tap Manifeste nan Sisjòdani

Sòlda Izrayelyen Tire Nan Tèt Yon Sitwayen Ameriken Ki Tap Manifeste nan Sisjòdani
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:32 0:00

Yon sitwayen ameriken ki t ap patisipe nan yon manifestasyon kont ekspansyon koloni yo nan Sisjòdani te jwenn lanmò li apre li pat rive siviv de blesi li yo vandredi apre twoup Izraelyen yo te tire l nan tèt, dapre sa ajans ofisyèl palestinyen WAFA rapòte.

Blinken Mande Izrayèl la ak Hamas pou yo Aksepte Akò Seselfe a

Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken (a dwat) ak Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak lapres nan rezidans Chef Misyon Etazini an nan Potoprens, Ayiti, 5 Sept. 2024.
Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken (a dwat) ak Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak lapres nan rezidans Chef Misyon Etazini an nan Potoprens, Ayiti, 5 Sept. 2024.

Chèf diplomasi Ameriken an Antony Blinken te mande Jedi Izrayèl ak gwoup Palestinyen an Hamas pou yo finalize akò seselfe a nan Gaza, sa ki konfime evalyasyon Ameriken yo dapre sa ki rapòte ke akò a te pare.

Blinken te di nan yon konferans pou laprès ki pandan pasaj li Ayiti: “Se vrèman 2 pati yo ki pou rive jwenn yon akò sou pwoblèm ki rete yo.

"Si nou rive jwenn yon akò kanpe goumen nan Gaza, nou pral kapab avanse sou chemen nòmalizasyon" ant Izrayèl ak Arabi Saoudit, li te mansyone tou, e sa ta finalize avan fen manda Prezidan Joe Biden nan mwa janvye 2025.

Sòlda Izrayelyen yo Tire Nan Tèt Yon Sitwayen Ameriken Ki Tap Manifeste nan Sisjòdani

Injured Palestinians are transfered from ambulances to Shuhada al-Aqsa hospital in Deir Al-Balah
Injured Palestinians are transfered from ambulances to Shuhada al-Aqsa hospital in Deir Al-Balah

Yon sitwayen ameriken ki t ap patisipe nan yon manifestasyon kont ekspansyon koloni yo nan Sisjòdani te jwenn lanmò li apre li pat rive siviv de blesi li yo vandredi apre twoup Izraelyen yo te tire l nan tèt, dapre sa ajans ofisyèl palestinyen WAFA rapòte.

Lame Izrayelyen an te di ke li t ap chèche envestige sa ki nan rapò a. Anbasad ameriken an pa fè okenn reyaksyon imedya sou ensidan an.

Viktim nan te gen 2 nasyonyolalite: a savwa Tik ak Ameriken.

Depatman Deta Ameriken an ak Minis Afè Etranjè peyi Latiki konfime lanmò Aysenur Ezgi Eygi. Ministè Tik la te di sòlda Izrayelyen yo te touye l e li te dekri ensidan an kòm yon "zak asasina ke gouvènman Netanyahu te fè".

Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken Matthew Miller te deklare "Nou o kouran lanmò trajik yon sitwayen Ameriken, Aysenur Eygi, jodi a nan Sisjòdani. Nou ofri kondoleyans pwofon nou bay fanmi li ak moun li renmen yo".

"Nou ap rasanble plis enfòmasyon ijan pou nou konnen sikonstans lanmò li, epi n ap gen plis pou nou di pandan n ap aprann plis. Priyorite nou se sekirite sitwayen Ameriken yo".

Fouad Nafaa, chèf Lopital Rafidia nan Naplouse, te di Reuters ke fanm nan te rive nan lopital la nan yon kondisyon trè kritik, ak yon blese nan tèt grav.

"Nou te eseye fè yon operasyon reanimasyon sou li, men malerezman li te mouri" .

Netanyahu Mande pou Izrayèl Kontwole Fwontyè Gaza ak Ejip la

Israeli PM Netanyahu speaks during a news conference in Jerusalem
Israeli PM Netanyahu speaks during a news conference in Jerusalem

JERUSALEM (AP) — Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu di Izrayèl dwe kenbe kontwòl fwontyè Gaza a ak peyi Ejip la, e li kanpe sou pozisyon sa ki menase pou deraye efò pou rive jwenn yon seselfe ant 2 fòs ki ap batay yo.

Netanyahu pale konsa nan moman Etazini ap devlope yon nouvo pwopozisyon pou 2 pati yo jwenn yon akò ki ap pèmèt otaj yo jwenn liberasyon yo, ak espwa pou mete fen nan lagè a ki prèske rive sou 11 mwa.

Kesyon pou Izrayelyen yo kenbe kontwòl koridò Philadelphi a -- yon teren jennen sou fwontyè Gaza ak peyi Lejip la, ke twoup yo te sezi nan mwa Me a -- te vin tounen yon baryè santral nan chita pale yo.

Hamas reklame pou Izrayèl wete twoup li nèt nan Gaza. Netanyahu di toutotan pa gen yon lòt moun pou kontwole fwontyè a, "nou la."

Etazini Akize Lidè Hamas la, Lòt Militan an Koneksyon ak Masak 7 Oktòb la

Foto Achiv: Yahya Sinwar pandan yon rankont lide faksyon Palestinyen yo nan Gaza siti, 13 Avril, 2022.
Foto Achiv: Yahya Sinwar pandan yon rankont lide faksyon Palestinyen yo nan Gaza siti, 13 Avril, 2022.

Depatman Jistis Etazini anonse akizasyon kriminèl kont lidè Hamas la, Yahya Sinwar ak lòt militan an koneksyon ak atak 7 Oktòb kont Izrayèl la.

Akizasyon kriminèl ke lajistis depoze devan tribinal federal Nouyòk la gen ladann konplo pou founi sipò materyèl bay yon òganizasyon teworis etranje, ki te lakoz moun te mouri.

Minis Jistis Merrick Garland deklare nan yon videyo Madi ke akizasyon yo se "yon pati nan jefò nou lanse pou sible tout aspè operasyon Hamas yo."

Misye di "aksyon sa yo se pa dènye mezi nap pran."

Load more

XS
SM
MD
LG