Accessibility links

Breaking News

Biden di li Vekse e Ke Kè-li Kase pou Travayè Imanitè ke Izrayèl Touye yo


FILE PHOTO: U.S. President Biden visits Israel amid the ongoing conflict between Israel and Hamas
FILE PHOTO: U.S. President Biden visits Israel amid the ongoing conflict between Israel and Hamas

Plis apèl ap moute pou mande Izrayèl rann kont pou frap aeryen li sou yon konvwa nan Gaza kote 7 travayè sekou nan Kwizin Santral Mondyal pèdi lavi yo.

Prezidan Etazini Joe Boden ak Premye-minis izraelyen Benjamin Netanyahu te espere pale nan telefòn jodi jedi a pou premye fwa depi atak la.

Anpil atansyon fikse sou lavant zam ameriken ki pwal jwenn izrayel pandan anpil moun vekse pou lanmò dè dizèn milye moun nan Gaza depi lagè a te tanmen an, pami yo 7 travayè sekou ki mouri anba frap Izrayèl semen sa a.

Prezidan Biden di madi a li vekse e ke kè-li kase pou moun ki tonbe yo. Izrael di li pa te fè espre e li pwomèt yon ankèt sou kesyon an.

Ayè mèkredi a, Biden pa te okipe kesyon ki mande si li pwal poze kondisyon sou èd militè ameriken an. Moun nan alantou li di ke administrasyon an pa sanble li pwal fè sa, e ke Etazini sipòte dwa Izrael pou li defann tèt li kont yon menas Hamas « ki la toujou ».

XS
SM
MD
LG