Mwayen Oryan
Chèf Jose Andres di Izrayèl Sible 'Sistematikman' Anplwaye ONG li nan Gaza

Chef Jose Andres, fondatè ONG World Food Kitchen ki gen 7 anplwaye ki mouri nan yon frap Izrayelyen nan Gaza, di ajans nouvèl Reuters nan yon entèvyou Mèkredi Israyèl sible ONG a "sistematikman".
" Li te vinn klè lè nou te resevwa imaj kadav yo ak paspo yo nan lopital ki konfime sete anplwaye nou. Nou konnen sa tout moun konnen ke 7 anplwaye ansanm ak gad sekirite yo - 3 Britanik 3 anplwaye entènasyonal ak yon Palestinyen - yo te sible yo sistematikman machin pa machin.
"Yo atake premye machin nan- nou toujou ap eseye jwenn plis enfomasyon sou sak pase premye machin nan. Nou kwè yo te jwenn mwayen chape sen e sof paske yo te nan yon blende, yo te ka ale nan dezyem blende a - Izrayel frape l - yo deplase ale nan yon twazyèm blende - pandansetan yo tap eseye rele pou mande sekou - men nan kawo sak tap pase a - yo tap eseye mande IDF (fos defans Izrayel) poukisa yap sible yo nan yon zon non konba, ke IDF kontwole - yo te konnen ekip nou te sou wout sa a ak 3 machin epi yo frape twazyem machin nan e nou wè konsekans frap sa a. 7 moun mouri. Men yo se 7 met sou pliske 190 travayè imanitè yo touye nan Gaza pandan 6 mwa ki pase yo."
Jose Andres di li poko konnen si se 3 moun ke yo te sible ke yo te kontinye eseye touye jiskaske tout moun mouri - men li di evenman an pase sou yon espas 1,8 kilomèt donk se pa yon erè yo fè - li di te gen gwo afich byen kolore ki di klèman se machin ONG a - ki pou limenm siyifye yo te fè ekspre sible yo.
" Map eseye konprann si sete yon atak visye. Ke se pa yon moun ki pap soufri konsekans. Ki deside touye nou pou - m pa konnen - paske mwen pibliye yon Tweet ki kritike sevèman Netanyahu. M pa konnen. Byen antandu se poutèt sa nou bezwen yon ankèt ki neut ke IDF pa kontwole.
Sa m konnen se ke yo te sible nou san gade dèyè jiskaske tout moun nan konvwa a te mouri. "
Etazini ak kominote entenasyonal la kondane atak la. Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu ak Minis Defans Izrayel la admet responsabilite epi pwomet pou mennen yon anket transparan sou atak la.
Pandan konferans pou laprès Nasyonzini an Madi nan Nouyòk, pòt pawòl sekretè jeneral la, Stephane Dujarric te siyale ke atak kont ONG World Food Kitchen nan se dènye nan yon seri atak ki sible travayè imanitè nan Gaza - pami yo sa kap travay pou ajans LONU tankou: UNRWA UNDP, OIM, ak World Food Programme (Pwogram Alimantasyon Mondyal). Misye moun sa yo tou tap vwayaje nan zòn non-konba byen deziye.
ONG World Food Kitchen gen kòm misyon pou nouri moun toupatou nan mond lan kote ki gen konfli oubyen dezas natirel. Chef Jose Andres se fondate li. Misye te tanmen jefo a an 2010 apre li te vwayaje Ayiti ak madanm ni Patricia pou nouri Ayisyen apre gwo tranbleman de te ki te frape peyi a.
Misye gen restoran toupatou nan mond lan ki resevwa 2 zetwal Michelen. (Se pi pri pi prestije yon chef kap kuit manje ka resevwa nan domen entenasyonal la). An 2015, Prezidan Barack Obama te remet ba li Meday Nasyonal Imanite a.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters. Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a.
See all News Updates of the Day
Administrasyon Trump la Pral Reprann Asistans Militè pou Ikrèn

Administrasyon Trump la deklare Madi 12 mas la li pral leve tou suit sispansyon asistans militè pou Ikrèn ak pataj ransèyman ak Kyiv.
Anons la vini yon semèn apre Etazini te enpoze mezi pou fòse Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy tanmen chita tande pou mete fen nan lagè a ak fos Ris yo.
Yon deklarasyon administrasyon an te pibliye pandan chita tande ant Ikrèn ak Etazini nan Arabi Saoudit.
Ikrèn di tou li ouvè pou l ta obsève yon seselfe 30 jou nan lagè ak Larisi si Kremlen an dakò.
- Jean Robert Phillipe
Rubio Vwayaje Arabi Saoudit
Yon rankont wo nivo ant Etazini ak Ikrèn gen dewoule nan Arabi Sawoudit nan jefò pou mete fen nan gè Ikrèn Larisi-a.
Etazini Pale Ak Hamas
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Netanyahu nan Tribinal Pou Temwaye nan yon Dosye Koripsyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, rive nan tribinal Tel-Aviv pou l temwaye nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu anba akizasyon pou koripsyon, fwod, ak abi konfyans nan twa dosye diferan, sa ki fè l vin premye Premye minis an fonksyon nan peyi a ki sibi yon jijman penal.
Madi, pou premye fwa, yo te tande l nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu te deklare akizasyon yo "ridikil".
Nan depozisyon li, li te di: "Pa gen koripsyon, pa gen fwod. Sa jis ridikil." Apre sa, li te pase yon pati nan tan li ap kritike medya yo.
Odyans sa a make rekòmansman pwosè a ki te tanmen nan mwa me 2020, men ki te sispann akòz lagè a nan Gaza. Netanyahu te mande plizyè fwa pou yo repouse dat pwosè a, akoz lagè ki te eklate apre atak mouvman islamis palestinyen Hamas la te lanse sou Izrayèl 7 oktòb 2023. Lagè a toujou ap kontinye.
Pandan odyans madi a, Netanyahu te reponn akizasyon ak temwayaj ki te fèt sou li, sitou temwayaj kèk ansyen kolaboratè l.
Devan tribinal Tel-Aviv la, sipòtè li yo t ap chante : "Netanyahu, pèp la dèyè w!" Pandan tan sa a, opozan li yo, ki ap manifeste kont li depi plizyè mwa, t ap rele: "Prizon pou Bibi!" – "Bibi" se ti non Netanyahu.
Lè yo te mande l ki jan li santi li fas ak akizasyon yo, li te reponn : "Di se yon gout dlo nan lanmè ta egzajere, men mwen okipe ak kesyon ki pi enpòtan nan nivo mondyal."
Plizyè depite ki fè pati kowalisyon gouvènmantal li a te asiste odyans la, ki te fèt nan yon sal anba tè. Pou rezon sekirite, pwosè a te deplase soti Jerizalèm pou ale Tel-Aviv.
Ajan Imigrasyon Arete yon Aktivis Palestinyen ki Ede Dirije Manifestasyon nan Inivèsite Columbia

Yon aktivis Palestinyen renome ki te ede dirije manifestasyon ki te dewoule nan sezon prentan ane pase a nan Inivèsite Columbia anba kòd apre ajan imigrasyon federal Etazini arete l.
Avoka Mahmour Khalil di yo arete l nan apatman li ki sitye tou pre inivèsite a. Ajan yo te di l yap egzekite lòd Depatman Deta pase pou revoke green card li (kat vèt ki akòde moun rezidans pèmanan Ozetazini).
Khalil, ki gradye nan mwad Desanm nan jwenn arestasyon li apre ajan ICE yo te debake lakay li, yo kenbe l nan yon sant detansyon nan New Jerze.
Madanm misye ki ansent 8 mwa, di otorite yo pat esplike poukisa yo tap arete l.
Yon pòtpawòl Depatman Sekirite Nasyonal la konfime arestasyon Khalil. Yo dekri l tankou yon aksyon ki apiye dekre Prezidan Trump pase ki entedi zak anti-Juif.
Facebook Forum