Ayiti: Lèzetazini Evakye Anviwon 30 Sitwayen li

Foto Achiv: Yon avyon pare pou ateri sou pis aterisaj Ayewopo Entenasyonal Kap Ayisyen an, 21 Jiye, 2021.

Depatman Deta te anonse yon avyon “Charter ” evakye plis pase 30 sitwayen ameriken soti Ayiti, depi aweyopò dezyèm vil peyi a, Okap. Charter la te ateri nan Florid dimanch.

Dimanch 17 mas 2024 yon pòtpawòl Depatman Deta te di: “Depatman Deta a te fasilite evakiyasyon plis pase 30 sitwayen ameriken pou yo kite Okap abò yon vòl charter gouvènman ameriken an. "Pasajè yo an sekirite kounye a nan Miami, Florid, kote ofisyèl gouvènman ameriken an ap ede yo franchi pwochen etap yo."

Lèzetazini te evakye kèk nan anplwaye anbasad li yo dimanch pase a e li te ranfòse ekip ki responsab pou sekirite yo.

Plizyè lòt peyi ak Inyon Ewopeyen an te evakye anplwaye diplomatik yo tou akòz enstabilite nan zile a, ak Nasyonzini te evakye anplwaye li yo ki pa esansyèl.

Pou Ameriken ki rete ann Ayiti, Depatman Deta a ap "etidye posiblite pou yo evakye yo soti (kapital la) Pòtoprens .

Li te ajoute "Nou pral kontinye ede ameriken yo toutotan opsyon komèsyal yo pa disponib epi anviwònman sekirite a pèmèt nou fè sa."

Pòtoprens konstate yon epidemi zak vyolans pa gang kriminèl nan semèn ki sot pase yo, pandan gang yo kontwole tout zòn nan peyi a, pami yo 80% kapital la. Yo akize gang yo de anpil abi, an patikilye touye moun, vyòl, ak kidnaping pou ranson.