Accessibility links

Breaking News

Otorite Petyonvil Jwenn Plis Pase 10 Kadav


Petionville, yon banlye Potoprens.
Petionville, yon banlye Potoprens.

Anbulans transpòte plis pase 10 kadav yo jwenn nan Petyonvil, ki se yon banlye kapital la Pòtoprens, dapre sa yon temwen di Reuters, nan moman tansyon ogmante an Ayiti.

Viktim yo ki te mouri pa bal pi bone nan jounen an, e anbilans jwenn yo sou wout prensipal pou ale nan banlye a ak bò kote yon ponp gaz, dapre sa temwen an di. Otorite yo poko bay okenn detay.

Ensidan sa a dewoule nan moman zak vyolans yo ogmante anpil pandan yon enpas politik bloke peyi a. Nasyonzini ak Anbasad Etazini ak Kanada rale anplwaye yo soti Ayiti pandan jou ki pase yo.

Premye Minis Ariel Henry limenm bloke Pòtoriko apre li te anonse demisyon ni anba presyon kominote entenasyonal la. Li di li va rale kò li apre yo va nomen yon ranplasan pwovizwa, sepandan konsey tranzisyon prezidansyel la poko nomenm yon premye minis enterime.

Lide rejyonal bay non plizye moun pou patisipe nan konsey la men faksyon yo pa ini e gen yon gwoup ki rejte konpletman plan lide rejyonal yo te apwouve nan La Jamayik.

Pandansetan, kapital la paralize nan moman gang yo lanse nouvo atak semen pase a. Yo mete dife nan penitansye nasyonal la - yon lye ke yo te kraze epi pemet de milye prizonye chape poul yo. Yo mete dife tou nan rezidans chef polis nasyonal la.

Lide gang ki tap mande depi lontan pou Henry demisyonnen lanse avetisman pou di yo pral "batay" pou Ayiti e yo menase politisyen ki rejwenn konsey tranzisyon an. Yon lòt kote, sitwayen yo ap fe fas ak ensekirite alimante ak rate swen medikal paske anpil konpayi ki konn voye machandiz an Ayiti oblije chanje wout maritim yo.

Ajans Nasyonzini pou Timoun, UNICEF deklare Samdi gang yo piye youn nan kontenè asistans li ki te chaje ak pwovizyon esansyèl pou fanm ansent, tibebe ak timoun.

Sen Domeng bo kote pa li anonse evakyasyon plizye douzen sitwayen li soti Ayiti nan elikopte.

XS
SM
MD
LG