Accessibility links

Breaking News

Harris, Trump Pral Fè Deba Fas-a-Fas nan Filadèlfi Aswè a


Foto Achiv: Vis Prezidan Demokrat Kamala Harris ak ansyen Prezidan Repibliken Donald Trump.
Foto Achiv: Vis Prezidan Demokrat Kamala Harris ak ansyen Prezidan Repibliken Donald Trump.

Kamala Harris pral rankontre fas-a-fas Donald Trump aswè Madi a nan Filadèlfi, kote yap patisipe nan yon deba prezidansyèl ki pral bay Ameriken opòtinite pi detaye pou yo wè kandida prezidansyèl yo.

Harris ak Trump pral fè deba a 9hè aswè a (lè Washington ak Pòtoprens.)

Pou tou le 2 kandida yo se yon opòtinite kote ki gen anpil presyon, men kote yo ka detaye vizyon diferan yo genyen pou peyi Etazini apre yon sezon kanpay ete ki te kawotik.

Trump, yon blan ki gen 78 an, goumen pou l adapte l ak Harris kòm premye fanm nwa ak moun ki gen eritaj Sid Azyatik ki janm sèvi kòm vis prezidan Etazini.

Harris bò kote pa li pral fè fas ak yon seri kestyon ke li pa gen abitid reponn.

Jiskaprezan li bay yon sèl entèvyou ofisyèl, 6 semèn apre li monte nan tèt tikè prezidansyèl pati Demokrat la.

XS
SM
MD
LG