Accessibility links

Breaking News

Trump ak Harris ap Chamaye Sou Kestyon Etenn Mikwo Pandan Deba yo Sipoze Fè a


Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.
Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.

Viz Prezidan Kamala Harris ak ansyen Prezidan Donald Trump mete an kestyon si wi ou non yo pral rankontre pou fè mwa pwochen an jan yo te prevwa l akoz yono dezakò sou si yo ta dwe etenn mikwo moun ki pap pale a.

Kandida prezidansyèl Demokrat ak Repibliken yo sipoze rankonstre 10 Septanm nan vil Filadèlfi pou yon deba ke rezo televizyon ABC va difize.

Kanpay Harris la di li fè ABC konnen li ta renmen pou mikwo yo rete ouvè, e pa fèmen yo lè lòt kandida a ap pale.

Règ sa yo diferan ak sa ki te egziste pou deba ant Trump ak Prezidan Joe Biden nan mwad Jyen an.

Kanpay Trump la di kandida Repibliken an te aksepte pou yo obsève menm règ yo pou deba ABC a men apre sa, kanpay Harris la te mande chanjman.

XS
SM
MD
LG