Accessibility links

Breaking News

Kanpay Harris di Yo Antre yon Voum Lajan Pandan Konvansyon Nasyonal Demokrat Chicago a


Kandida a la prezidans pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris rive nan Konvansyon Nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, Jedi 22 Out, 2024.
Kandida a la prezidans pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris rive nan Konvansyon Nasyonal pati Demokrat la nan Chicago, Jedi 22 Out, 2024.

Kanpay Vis Prezidan Kamala Harris di yo antre $540 milyon pou kous prezidansyèl kont Donald Trump la.

Demokrat yo di yo pa gen okenn pwoblèm pou ankouraje patizan yo louvri potfèy yo depi Prezidan Joe Biden te anonse lap mete fen nan kanpay li epi andose Harris.

Kanpay li di li te resevwa yon pakèt lajan pandan Konvansyon Demokrat Chicago a semèn pase a, kote Harris ak kolistye li Tim Walz te aksepte nominasyon yo.

Direktris kanpay la Jen O'Malley Dillon ekri yon not ke kanpay la pibliye Dimanch ki fè konnen imedyatman apre diskou akseptasyon Harris la Jedi, kanpay la te antre plis lajan pase kantite li janm ranpote nan yon sèl jounen.

XS
SM
MD
LG