Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Pral Klotire Konvansyon Nasyonal Chicago a ak Nominasyon Istorik Harris Kòm Kandida Prezidansyèl


Kandida prezidansyel pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris ak kolistye li, Gouvene Minnesota Tim Walz fe yon paret ansanm nan yon miting politik nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, 20 Out, 2024.
Kandida prezidansyel pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris ak kolistye li, Gouvene Minnesota Tim Walz fe yon paret ansanm nan yon miting politik nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, 20 Out, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris pral klotire Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la aswè a lè li va aksepte nominasyon istorik pati a kom kandida prezidansyèl li.

Harris pral detaye vizyon li Jedi swa pou peyi a epi prezante ka li kont Repibliken Donald Trump. Diskou a ap mete fen nan yon mwa chaje ak aktivite ki te tanmen lè Prezidan Joe Biden te mete fen nan tantativ li pou re-eli epi andose Harris pou ranplase li kom kandida prezidansyèl pati Demokrat la.

Mèkredi swa, Gouvènè Minnesota, Tim Walz te aksepte nominasyon a la vis prezidans la epi remèsye moun ki te plen stad Chicago a pou "jwa yo pote" nan eleksyon an.

Gouvènè eta Michigan, Gretchen Whitmer te pran la pawol tou, ansanm ak Gouvènè Kawolin di No, Roy Cooper. Met sou sa ansyen Prezidan Bill Clinton te pale epitou lidè dwa sivik Al Sharpton ak prezidan Federasyon Pwofesè Ameriken an, Randi Weingarten.

XS
SM
MD
LG