Accessibility links

Breaking News

Harris Abòde Kestyon Konfli Izrayelo-Hamas la ki Divize Demokrat yo Pandan Diskou li nan Chicago


Kandida a la prezidans pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris pandan konvansyon nasyonal pati a nan Chicago, 22 Out, 2024.
Kandida a la prezidans pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris pandan konvansyon nasyonal pati a nan Chicago, 22 Out, 2024.


Vis Prezidan kamala Harris aksepte nominasyon pati Demokrat la pou prezidans la Jedi swa nan konvansyon nasyonal pati a nan Chicago.

Harris deklare: "nan non tout moun ki taka gen istwa yo pibliye nan pi gran peyi sou planèt Tè a, mwen aksepte nominasyon w pou prezidans peyi Etazini"

Harris te eseye dezamòse youn nan kestyon ki kreye plis divizyon nan mitan pati Demokrat la pandan diskou li - ki petet se diskou pi enpòtan karye politik li jiskaprezan.

Harris te apiye dwa Izrayel genyen pou l defann tet li men tou konsantre sou soufrans Palestinyen yo nan Gaza.

Li di lap travay ak Prezidan Joe Biden sou yon antant ki ta mete ann aplikasyon yon seselfe, epi liberasyon otaj Hamas kenbe yo.

Aktivis yo di yo desi ak Harris ki te vle pou l mande yon anbago sou lavant zam ak Izrayel epi yon eka kle ak sipò san gade deye Biden bay Izrayel ki se yon peyi zanmi Etazini depi lontan.

XS
SM
MD
LG