Accessibility links

Breaking News

Trump di ke li rive jwenn yon akò ak Harris Pou Ka Gen yon Deba 10 Septanm


Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.
Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.

Ansyen prezidan ameriken Donald Trump di Madi ke li "rive jwenn yon akò" pou gen yon deba televize 10 Septanm ak advèsè Demokrat li nan eleksyon prezidansyèl la Kamala Harris, 2 jou apre li te menase pou l pa patisipe.

Sepandan ekip vis-prezidan Etazini an pa konfime ke deba a pral fèt.

Sou rezo sosyal Truth Social li, kandida Repibliken an di li "rive jwenn yon akò" ak ekip Demokrat la sou deba a, ki gen pou fèt sou chèn televizyon ABC nan menm kondisyon ak deba ki te fèt 27 Jen pase sou CNN ant Trump ak Prezidan Joe Biden.

Lè sa a, pa te gen okenn piblik prezan nan estidyo a epi mikwofòn chak kandida te fèmen lè advèsè a t ap pale.

Trump fè konnen ABC te asire l ke deba a, ki pwal fèt nan Philadelphia, ta dwe "jis epi byen balanse."

Ekip kanpay Madam Harris te fè presyon pou mikwofòn kandida yo rete limen pandan tout pwogram nan.

"Tou 2 kandida yo montre piblikman dezi yo pou yo fè deba ak mikwofòn yo ouvè pou tout dire deba a pou yo ka gen konvèsasyon reyèl (...) men li sanble ke Donald Trump ap kite ekip li a kontredi li," se sa Harris di nan yon deklarasyon.

Trump te di dimanch la sou rezo sosyal li "Poukisa pou mwen ta fè deba ak Kamala Harris sou kanal sa a?"

Malgre tout bagay, Repibliken an asire ke kesyon mikwofòn nan "pa gen pwoblèm pou mwen. Pa gen dout ke mwen ta pito wè mikwo yo rete louvri".

Ekip kanpay Kamala Harris la, bò kote pa l, akize ekip kandida Repibliken an kòmkwa yo vle pwoteje l lè yo mande pou yo koupe mikwo yo, paske yo "pa kwè kandida yo a kapab kenbe yon konpòtman prezidansyèl pou 90 minit".

XS
SM
MD
LG