Accessibility links

Breaking News

Kanpay Prezidansyèl yo Konsantre yo Sou Elektè ki Poko Deside yo


Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) epi ansyen prezidan Repibliken Donald Trump.
Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris (a goch) epi ansyen prezidan Repibliken Donald Trump.

Apre yon sezon ete istorik, chimen pou rive nan Mezonblanch la ap vinn pli klè nan sezon otonn nan pou Kamala Harris ak Donald Trump.

Vis prezidan Demokrat la ak ansyen prezidan Repibliken an pral konsantre pi fò tan ki rete nan kanpay la ak resous yo sou yon ti gwoup elektè nan 7 eta ki poko deside pou kiyès yap vote.

Kandida yo pral eseye tou fokalize mesaj yo sou: ekonomi an, migrasyon ak avòtman - pandan ke deba chofe sou karaktè, kilti ak kolè pa rapò ak demokrasi ap dewoule an menm tan.

Pandansetan, gen yon ankyete ki kòmanse plane sou tou le 2 kanpay yo, 9 semèn sèlman anvan eleksyon prezidansyèl la.

XS
SM
MD
LG