Accessibility links

Breaking News

Trump di Lap Dispoze Tretman FIV Gratis pou Medam yo si l Re-Eli Prezidan


Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump pandan yon miting politik nan eta Wisconsin, 29 Out, 2024.
Kandida prezidansyel Repibliken Donald Trump pandan yon miting politik nan eta Wisconsin, 29 Out, 2024.

Ansyen Prezidan Donald Trump deklare si li ranpote yon dezyem manda li ta renmen dispoze tretman FIV gratis pou medam yo, men li pa detaye kijan li pral finanse plan li ni kijan sa pral fonksyone egzakteman.

Misye deklare: "map anonse jodia nan yon gwo deklrasyon ke administrasyon Trump la, gouvènman ou pral peye pou - oubyen konpayi asirans ou pral oblije peye pou - tout frè ki asosye ak tretman FIV yo. Trump fè deklarasyon an pandan li ap mennen kanpay nan eta Michigan. Li ajoute se paske "nou vle plis ti bebe, pou m di l yon fason janti."

FIV se yon tretman doktè yo sèvi pou ede medam ki gen difikilte pou yo ansent fè pitit.

Tretman FIV yo koute chè anpil a savwa plizyè dièn milye dola pou yon sèl tretman. Anpil fi oblije fè plizyè tretman e pa gen okenn garanti y ap jwenn siksè.

XS
SM
MD
LG