Accessibility links

Breaking News

Harris Defann Politik li nan Premye Gwo Entèvyou Televize li Antanke Kandida Prezidansyèl


Kandida a la prezidans Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris reyaji devan otobis kanpay li nan ayewopo Savannah / Hilton Head nan Joji, 29 Out, 2024.
Kandida a la prezidans Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris reyaji devan otobis kanpay li nan ayewopo Savannah / Hilton Head nan Joji, 29 Out, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris defann desizyon li pran pou l ekate l ak kèk pami pozisyon pi liberal li yo nan premye gwo entèvyou li akòde yon rezo televizyon Jedi. Sepandan Harris ensiste "prensip li pa chanje" nan moman lap "chache konsansis".

Harris te chita bò kote kolistye li, Gouvènè Minnesota Tim Walz pandan li tap reponn kestyon jounalis CNN Dana Bash. Kestyon yo te santre sou chanjman pozisyon Harris sou kestyon tankou entèdiksyon fraktirasyon idrolik ak de-kriminalizasyon migrasyon ilegal ke li te apiye lè li tap postile pou prezidans la an 2016.

Harris konfime li pa vle entèdi fraktirasyon idrolik, ki se yon pwosesis ekstraksyon enèji kle pou ekonomi eta "balanswa" Pènsilvani. Harris di ta "dwe gen konsekans" pou moun ki travèse fwontyè Etazini san pèmisyon.

Harris ajoute ke li kwè "aspè pi enpòtan pèspektiv politik li ak desizyon li yo se ke prensip li yo pa chanje."

Enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan AP ak Reuters

XS
SM
MD
LG