Accessibility links

Breaking News

Harris Aksepte Règ Jwèt pou Deba 10 Septanm lan Fas ak Trump


Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.
Foto Achiv: Kandida Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump ak kandida Demokrat, Vis Prezidan Kamala Harris.

WASHINGTON (AP) — Vis-prezidan Kamala Harris aksepte règ ke yo tabli pou deba prezidansyèl ke li gen pou fè semèn k ap vini an ak ansyen Prezidan Donald Trump, malgre kandida Demokrat la di ke desizyon pou mikwo 2 kandida yo pa rete ouvè pandan tout deba a pa bon pou li.

Ekip kanpay Harris la ekri rezo ABC News mèkredi pou di li aksepte kondisyon deba prezidansyèl 10 septanm lan nan Sant Nasyonal Konstitisyon an nan Philadelphia.

2 ekip kanpay sa yo te nan gwo chire-pit sou kesyon fèmen mikwo kandida yo eksepte lè yo ap pale.

Ekip Harris la di ke ansyen komisè gouvènman an pral "gen yon gwo dezavantaj" nan kondisyon sa, e poutan ekip Prezidan Joe Biden nan te vle sa pou deba li ak ansyen prezidan Trump nan mwa Jen pase.

XS
SM
MD
LG