Accessibility links

Breaking News

Fiziyad: Omwen 4 Moun Mouri Nan Yon Lise nan Georgia


Shooting at Apalachee High School in Winder
Shooting at Apalachee High School in Winder

Omwen 4 moun pèdi lavi yo e 9 lòt blese nan fiziyad nan yon lise nan eta Georgia, dapre otorite lokal yo te anonse Mèkredi 4 septanm nan.

Nan yon mesaj ki pibliye sou rezo sosyal ototrite yo te di ke "4 moun te mouri. 9 lòt moun te blese yo te voye yo nan plizyè lopital. Sispèk la vivan e li an detansyon ".

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris mande Mèkredi pou yo pran yon aksyon desizif kont endividyèl ki ap koze vyolans ak zam.

Kandida pati Demokrat la deklare: "Nou dwe mete fen nan epidemi vyolans zam sa a nan peyi nou an, yon fwa pou tout - pa gen okenn rezon pou nou sibi zak sa a".

Harris te fè diskou sila pandan li ap mennen kanpay nan Eta New Hampshire.

Kandida Repibliken an Donald Trump bò kote pal te trete tirè a ki komèt fiziyad la kòm, "mons malad e ki deranje".

Trump te denonse fiziyad la sou rezo li a, Truth Social li te di " mons malad sa e ki deranje te touye timoun sa yo ke nou renmen anpil, yo pèdi lavi yo twò bonè nan lavi a".

XS
SM
MD
LG