Accessibility links

Breaking News

Harris Fè Fas ak Misojini, Rasism Pandan lap Postile pou Mezonblanch la


Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini ak Kandida Prezidansyel Demokrat Kamala Harris salye foul la pandan yon miting politik nan Eau Claire, Wisconsin, 7 Out, 2024.
Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini ak Kandida Prezidansyel Demokrat Kamala Harris salye foul la pandan yon miting politik nan Eau Claire, Wisconsin, 7 Out, 2024.

Jefo Vis Prezidan Kamala Harris pou djob pi wo plase Ozetazini mete l fas ak atak seksis kote yo kritike vi amourez li, rad li epi menm jan li ri - tout sa se egzanp - misojini.

Harris ap eseye chanje naratif sa a kap pèsiste depi plis pase yon syèk apre premye Amerikèn nan te postile pou prezidans la.

Save yo di Harris ap fè fas ak yon lot defi li paka chape - ki se ras miks li.

Ex-Prezidan Donald Trump se kandida Prezidansyèl Repibliken an:

" Li te toujou gen eritaj endou e li tap fè piblisite pou sa. Mwen pat konnen li te nwa jiska kèk ane desa lè li te sanzatann vin Nwa. E kounyea li vle pou moun konnen kom Nwa. M pa konnen eske li endou oubyen nwa?"

Save yo di sa se yon egzanp klasik misojinwa.

Nadia Brown se yon pwofesè nan Inivèsite Georgetown:

"Misojinwa se yon melanj orib seksizm ak rasizm ke yo konn lanse kont fanm nwa. Li gen rasin ni nan stereyotip ak ide kom kwa yo pa respekte norm sipremasis etero patriyachal blan yo."

Tip atak sa yo lakoz menm pi gwo kritik Repibliken Harris yo ap eseye ralanti yo.

Mike Johnson se Prezidan Lachanm:

" Se pa yon atak pesonel pa rapo ak Kamala Harris -etnisite li, jan li pa gen anyen pou wè ditou."

Save yo di gen yon pakèt moun ki vle pou fanm rete nan wol tradisyonèl yo. Mouvman Enstagram "tradwife" la kwè fi ta dwe fanm menaj, manman pitit.

Men gen elektè fanm ki pa okipe atak sa yo epi konsidere yo kom ridikil.

Salenas Nash - se yon elektè nan Kalifoni:

"Sa seksis. Moun sa yo fanatik gason. Yo te di menm bagay lè Clinton tap postile - oh non li se yon fanm. E si li gen règ li? Li ka deklanche yon lagè."

Brown teyorize ke Trump ap lanse atak pèsonèl paske li pè fè fas ak Harris nan yon deba.

Nan jou ki pase yo Harris ak Trump twoke pawol piman bouk sou rezo sosyal yo pa rapo ak deba 10 Septanm nan.

Trump te komanse - li mande pou deba a fet 4 Septanm pito sou rezo prefere li.

Yon lot fwa anko, Nadia Brown:

"M kwè Trump entelijan fè sa etan done ke Harris se yon ansyen avoka akizasyon e tout sa nou konnen de pefomans li nan deba fe moun kw li pral baleye pis la ak Donald Trump."

Depi fi te ranpote dwa pou vote an 1920, prezans yo nan eleksyon prezidansyèl ogmante.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell, ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG