Accessibility links

Breaking News

Kamala Harris ak Joe Biden pral fè kanpay ansanm 15 Out k ap vini


Predsednik SAD Džo Bajden govori ispred potpredsednice Kamale Haris (foto: Reuters)
Predsednik SAD Džo Bajden govori ispred potpredsednice Kamale Haris (foto: Reuters)

Kamala Harris ak Joe Biden pral fè lòt semèn premye deplasman kanpay yo ansanm depi apre prezidan Demokrat la te anonse li te bay vag nan kous prezidansyèl ameriken an kont kandida repibliken ak ansyen prezidan Donald Trump.

Apre li te fin vag li te di ke li pral konsantre sou travay li vle akonpli nan rès mandat li a epi sipòte vis-prezidan li ke li te andose kòm kandida pou pou al afwonte Trump.

Misye Biden pral parèt nan kanpay bò kote Harris pandan yon aktivite ki ap fèt nan dat 15 Daout nan eta Maryland, toupre Washington DC.

Mezon Blanch di nan yon deklarasyon ke duo a pral vini "pou pale sou pwogrè yo fè pou diminye depans pou pèp Ameriken an,"

Enflasyon rete yon pwen fèb pou Demokrat yo nan pouvwa a anvan eleksyon Novanm yo.

Harris bay kan Demokrat la yon gwo elan depi prezidan Biden te anonse ke li te bay kanpay la vag apre yon deba dezas li te fè kont ansyen Prezidan Donald Trump, deba ki te fè moun poze kesyon sou laj li ak eta mantal ke li bezwen pou dirije peyi a pou on lòt manda 4 an si li ta vin re-eli prezidan.

XS
SM
MD
LG