Accessibility links

Breaking News

Lajistis Ameriken Fouke Yon Pakistanè ki gen Lyen ak Iran, Epi Tap Fè Konplo pou fè Asasine Lidè Politik Ameriken


Asif Merchant
Asif Merchant

WASHINGTON (AP) — Depatman Jistis la di yo akize pakistanè ki swadizan gen lyen ak Iran nan kad yon konplo asasina kont lidè politik sou tè ameriken.

Lajistis nan Brooklyn te anonse madi akizasyon kriminèl kont Asif Merchant, 'ki te vwayaje nan New York pou eseye anboche bandi espesyalize pou fè travay sa pou li.

Konplo a pat arive reyisi .

Dokiman tribinal yo pa idantifye okenn nan lidè politik potansyèl yo ke li te gen entansyon elimine.

Men, dosye sa te pran lari kèk semèn apre ofisyèl Ameriken yo te divilge ke gen menas sou lavi Donald Trump ki soti nan peyi Iran ki te pouse pou mande plis sekirite adisyonèl pou ansyen prezidan an, kèk jou anvan rasanbleman Jiyè nan Pennsylvania kote yo tirel e li te soti blese.

Depite Repibliken Ohio Jim Jordan koute pandan yon Direktris Sevis Sekre Etazini an, Kimberly Cheatle temwaye devan yon komsyon lachanm sou tantativ asasina kont Trump la, 22 Jiye, 2024.
Depite Repibliken Ohio Jim Jordan koute pandan yon Direktris Sevis Sekre Etazini an, Kimberly Cheatle temwaye devan yon komsyon lachanm sou tantativ asasina kont Trump la, 22 Jiye, 2024.

XS
SM
MD
LG