Accessibility links

Breaking News

Eske ap Gen yon Deba Harris-Trump ???


Election 2020 Debates
Election 2020 Debates

Kandida ki gen nominasyon prezidansyèl Pati Repibliken an Donald Trump pwopoze pou li fè deba ak kandida Demokrat ki se Visprezidan Etazini Kamala Harris sou Fox News, 4 Septanm, e ekip kanpay Harris la di ke Trump ap chache rale kò li nan deba a ki fikse pou dewoule sou chèn televizyon ABC.

Regleman yo ta menm jan ak sa ki te nan premye deba a ak Prezidan Joe Biden, ki apre sa te abandone efò pou reeleksyon an, se sa Trump di sou rezo sosyal Truth Social vandredi swa.

Trump ak Biden te antann yo sou yon dezyèm deba 10 Septanm sou ABC News, deba ki, dapre ansyen prezidan an, ta dwe al fèt sou Fox, chèn televizyon ki pi popilè pami sipòtè li yo.

Pòtpawòl Harris, Michael Tyler, di Trump ap kouri pou deba a paske li pè e ke ekip kanpay Harris la ap diskite pou fè plis deba apre sa 10 Septanm nan ke tou le 2 pati yo te dakò pou fè.

XS
SM
MD
LG