Accessibility links

Breaking News

Jij nan Dosye Federal nan DC Kont Trump sou Kesyon Eleksyon an Rejte Efò Defans la ki Mande pou voye Dosye a Jete


Week in Pictures Global Photo Gallery
Week in Pictures Global Photo Gallery

WASHINGTON (AP) — Jij federal ki prezide dosye sou kesyon eleksyon an kont ansyen Prezidan Donald Trump rejte efò defans lan ki mande pou rejte akizasyon an paske yo di ke tribinal te pouswiv ansyen prezidan an pou rezon politik.

Desizyon Jij Distri Federal Etazini, Tanya Chutkan, se premye òdonans enpòtan li nan dosye a depi apre ka a te retounen vandredi nan men li. Jij la pran dosye a apre Tribinal Kou Siprèm nan te di, mwa pase, ke yon ansyen prezidan gen iminite, kidonk pwoteksyon devan lajistis, yon desisyon ki ka limite aksyon avoka espesyal Jack Smith kont Trump.

Avoka defans yo di ke Trump te resevwa move tretman paske yo te pouswiv li malgre gen lòt moun ki te defye rezilta eleksyon yo e ki te evite akizasyon kriminèl, pandan Depatman Jistis la te lanse yon koukouwouj dèyè Trump pou anpeche li genyen reeleksyon.

Chutkan rejte pawòl sa yo.

XS
SM
MD
LG