Accessibility links

Breaking News

Sondaj AP-NORC: Yon Ti Minorite Ameriken Sèlman Fè Sèvis Sekrè Ameriken an Konfyans Apre Tantativ Asasinay Kont Trump la


Election 2024 Trump Counter Sniper Team
Election 2024 Trump Counter Sniper Team

Se sèlman kèk Ameriken ki gen konfyans nan kapasite Sèvis Sekrè a pou kenbe kandida prezidansyèl yo an sekirite apre tantativ mwa pase sou lavi ansyen prezidan Donald Trump.

Sa se rezilta yon sondaj ke Associated Press-NORC Center for Public Affairs Research te reyalize.

Se sèlman apeprè 3 Ameriken sou 10 ki gen anpil konfyans ke Sèvis Sekrè a ka kenbe kandida prezidansyèl yo an sekirite kont vyolans anvan eleksyon an.

Ajans ki la pou pwoteje prezidan ak ansyen prezidan yo depi plis pase yon syèk, li anba yon gwo kontwòl apre yon nonm ame te rive tire sou ansyen prezidan Trump sou yon distans ki pa menm 140 mèt.

XS
SM
MD
LG