Accessibility links

Breaking News

FBI Pral Kestyone Trump nan Kad Ankèt sou Tantativ Asasina a


Depite Repibliken Ohio Jim Jordan koute pandan yon Direktris Sevis Sekre Etazini an, Kimberly Cheatle temwaye devan yon komsyon lachanm sou tantativ asasina kont Trump la, 22 Jiye, 2024.
Depite Repibliken Ohio Jim Jordan koute pandan yon Direktris Sevis Sekre Etazini an, Kimberly Cheatle temwaye devan yon komsyon lachanm sou tantativ asasina kont Trump la, 22 Jiye, 2024.

FBI fè konnen ansyen Prezidan Donald Trump dakò pou yo entèvyouwe l nan kad ankèt yap mennen sou tantativ asasina ki fèt kont li nan eta Pènsilvani.

Yon ajan espesyal deklare Lendi, entèvyou a fè pati pwotokòl standa FBI la genyen pou l pale ak viktim krim federal yo pandan ankèt la.

FBI di debri yon bal frape Trump pandan tantativ asasina ki dewoule 13 Jiyè a nan vil Butler, eta Pènsilvani.

FBI pibliye enfomasyon sou konvèsasyon li planifye pou l genyen ak Trump nan moman li revele kèk nouvo detay sou sispèk la.

Pami detay sa yo genyen rechèch misye te fè sou entènèt ki montre li te enterese nan fiziyad epitou tantativ asasina ki te fèt ane sa a kont premye minis Slovaki a.

XS
SM
MD
LG