Accessibility links

Breaking News

Jij Merchan Rejte Ankò Demann Trump Fè pou l Rekize Tèt Li Nan Dosye li a


Trump Hush Money Gag Order
Trump Hush Money Gag Order

NEW YORK (AP) — Donald Trump te pèdi yon lòt fwa ankò deman li fè pou mande pou gen yon nouvo jij nan dosye kriminèl New York ki gen rapò ak lajan anba tab ke avoka li te bay yon aktris pòno .

Jij Juan M. Merchan, nan yon desizyon ki afiche Mèkredi, te rekize tèt li yon lòt fwa ankò nan dosye a.

Desizyon sa a vini pandan dosye kriminèl la ap pwoche nan dènye etap yo, a savwa desisyon pou bay yon santans mwa pwochen kont ansyen prezidan an ke manm jiri nan New York te jwenn koupab.

Sa fè twazyèm fwa avoka ansyen prezidan fè rekèt sila pou mande jij la rale kò li nan dosye a.

Avoka te prezante agiman ki di ke Merchan gen yon konfli enterè paske pitit fi li a ap travay kòm yon konsiltan politik pou pou kèk gwo chabrak nan pati Demokrat la ak kanpay yo, pami yo li te travay sou kanpay Vis Prezidan Kamala Harris nan prezidansyèl ane 2020 yo.

Kounye a Haris se opozan Trump pou prezidansyèl 2024 yo.

Yon panèl etik tribinal eta te di ane pase a ke Merchan te kapab kontinye rete kòm jij nan dosye a.

XS
SM
MD
LG