Accessibility links

Breaking News

Jezolenpik Paris: Etazini Pral Toke Kònn ak La Frans nan Final Basketbòl la


Mathias Lessort (nimewo 26) ak Victor Wembanyama (nimewo 32) selebre viktwa ekip yo sou Alman nan semifinal basketbol yo nan Jezolenpik Paris yo, 8 Out 2024.
Mathias Lessort (nimewo 26) ak Victor Wembanyama (nimewo 32) selebre viktwa ekip yo sou Alman nan semifinal basketbol yo nan Jezolenpik Paris yo, 8 Out 2024.

Nan Jezolenpik Paris yo, foutbolez Alman Ann-Katrin Berger choute yon gòl sou penalite a la dènyè minit pou ede Almay ranpòte meday bwonz la 1-0 sou Espay.

Nap raple Espay te ranpòte Mondyal Medam yo.

Berger te bloke penalite Alexia Putellas la nan 9èm minit twzyèm mitan an.

Yon lòt kote, konpetisyon break dancing la ap dewoule kote B-girl India, ki se moun Peyi Ba kale atlèt ekip refije a b-girl Talash nan premye konpetisyon break dancing ki janm fèt nan Jezolenpik yo.

India Sardjoe ke moun konnen pa ti non jwèt li b-girl India avanse apre li kale Manizha Talash ki gen ti non jwèt b-girl Talash. Mamzèl se moun Afghanistan limenm.

Epi nan baskètbòl, Etazini pral fè fas ak Lafrans Samdi swa nan match ki va deside kiyès kap pran meday lò a.

XS
SM
MD
LG