Accessibility links

Breaking News

Etazini Gen Plis Meday, men Kore Di Sid nan Tèt Lis Meday Lò yo


Japone Yuto Horigome a dwat, salye Ameriken Jagger Eaton apre final skateboard mesye yo nan Jezolenpik Paris yo, 29 Jiye, 2024. Japon pran meday lo a, etazini pran ajan.
Japone Yuto Horigome a dwat, salye Ameriken Jagger Eaton apre final skateboard mesye yo nan Jezolenpik Paris yo, 29 Jiye, 2024. Japon pran meday lo a, etazini pran ajan.

Nan Jezolenpik Paris yo, Etazini pran plis meday pase tout lòt peyi yo, dezyem jounen konpetisyon an. Sepandan, se Kore di Sid ki nan tet lis meday lò yo. Peyi a gen 5 meday lò pou kounyea.

Nan sa ki gen pou wè ak atlèt Ayisyen kap patisipe nan je yo, Angelique Kerber elimine Naomi Osaka ( nap raple papa mamzèl Ayisyen e manman li Japonèz) 7-5, 6-3 nan premye tou konpetisyon tenis la.

Tou le 2 jwèz yo te nimewo un sou lis meyè jwèz mondyal yo apre yo te ranpote plizyè tounwa gran cheleèm.

Kerber te pran yon meday ajan an 2016 nan Jezolenpik Rio de Janeiro yo. Li di li pral pran retrèt li apre li finn reprezante Almay nan Je sa yo.

Osaka limenm te espere jwe pi byen pase sa l te fè nan Jezolenpik Tokyo yo sa gen 3 zan, nan peyi natal li Japon.

Li te sipoze youn nan pi gwo vedèt yo e li te resevwa onè limenm flanm Olenpik la nan seremoni ouvèti a.

Sepandan Osaka te pèdi nan twazyèm tou a nan je sa yo.

XS
SM
MD
LG