Accessibility links

Breaking News

Jezolenpik Paris yo Fè Fas ak Difikilte


Delegasyon peyi yo rive sou pon Iena a nan Paris, peyi La Frans pou seremoni ouveti Jezolenpik Ete 2024 yo, Vandredi 26 Jiye, 2024.
Delegasyon peyi yo rive sou pon Iena a nan Paris, peyi La Frans pou seremoni ouveti Jezolenpik Ete 2024 yo, Vandredi 26 Jiye, 2024.

Jezolenpik Paris yo derape ak difikilte.

Otorite Franse yo sispèk yon moun sabote rezo tren gran vitès li a, epi syèl nyaje ak seren menase seremoni ouvèti espektakilè yap pare nan kapital fransèz la.

Se yon jou ki gen yon enpotans kapital pou lafrans ak Paris.

Jezolenpik: Sabotaj nan Sistèm Tren Paris
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:27 0:00

Plizyè douzèn chèf deta vwayaje nan vil la pou asiste ouvèti Jezolenpik yo e yon odyans global pral suiv nan televizyon.

Sepandan, otorite Fransèz yo ap kouri pou yo eseye jere divès enteripsyon.

Yo blame atak sabotaj ki dewoule lanuit la pou enteripsyon liy tren gran vitès yo.

Syèl nuaje ki genyen sou Paris menm, kreye yon anbyans sonb.

XS
SM
MD
LG