Accessibility links

Breaking News

Paris: Yon Ris Pami Moun ki Jwenn Arestasyon yo Pou Konplo Pou Fè Dezòd nan Jez Olenpik yo


Paris Olympics Security
Paris Olympics Security

PARIS (AP) — Otorite fransè yo di ke yo te kraze plizyè konplo ki te gen objektif pou deranje jez olenpik 2024 yo.

Lafrans te an eta alèt pandan kèk semèn ki sot pase yo pandan yo tap fè preparasyon pou òganize jez olenpik yo nan Paris.

Otorite fransè yo te di Mèkredi ke yo te arete yon nonm ki fèt Larisi ke yo sispèk tap planifye pou "destabilize Jez Olenpik yo."

Yo te akize l dèske li ta “fè koleksyon entèlijans sou demann yon pouvwa etranje” nan objektif pou “pwovoke ostilite an Frans”.

Mèkredi 24 jiyè, Minis Enteryè a te di ke yo te arete yon jèn gason nan yon rejyon nan sidwès Lafrans akoz yo sispèk la te "planifye pou fè zak vyolans nan Jez Olenpik yo."

XS
SM
MD
LG