Accessibility links

Breaking News

Pou 7 Atlèt Ayisyen nan Jezolenpik Paris yo, Patisipasyon yo Siyifye Plis Pase Meday Lò


Mizisyen Ayisyen-Kanadyen Jowee Omicil pran yon foto ak ekip Ayiti a devan pisin Olenpik la nan Jezolenpik d Ete Paris yo, 1 Out, 2024.
Mizisyen Ayisyen-Kanadyen Jowee Omicil pran yon foto ak ekip Ayiti a devan pisin Olenpik la nan Jezolenpik d Ete Paris yo, 1 Out, 2024.

Pou 7 atlèt Ayisyen ki reprezante Ayiti nan Jezolenpik Paris yo, patisipasyon yo siyifye plis pase eseye pran meday lò.

Pou atlèt tankou najè Alexandre Grand'Pierre, patisipasyon yo voye yon mesaj espwa bay yon nasyon ki ap viv zak vyolans gang yo ak tibilans politik chak jou.

Senbòl fyète sa reprezante pou anpil Ayisyen lakoz atlèt yo di yap eseye chanje narativ sou peyi d Ayiti nan peyi etranje kote anpil fwa yo prezante peyi a ak pèp la tankou viktim.

Atlèt Ayisyen yo di tou sa ede yo reklame istwa yo ak La Frans, yon ansyen kolonizatè kite lakoz Ayiti te fè fayit pandan plis pase yon syèk.

Sepandan, pou atlèt Ayisyen yo, chimen pou rive nan Jezolenpik Paris yo pat fasil.

XS
SM
MD
LG