Accessibility links

Breaking News

Jezolenpik Paris: Vedèt Jimnastik Amerikèn Simone Biles 'Paka Fache' ak Pèfòmans li


Simone Biles, vedet jimnastik Ameriken nan, kenbe meday li apre konpetisyon atistik la nan Jezolenpik d Ete Paris yo, 5 Out, 2024.
Simone Biles, vedet jimnastik Ameriken nan, kenbe meday li apre konpetisyon atistik la nan Jezolenpik d Ete Paris yo, 5 Out, 2024.

Vedèt jimnastik Amerikèn Simone Biles blame yon anbyans "dwòl" ki te genyen nan Arèn Bercy a nan vil Paris pou pèfomans li Lendi, kote li fini 5èm.

Biles te tonbe sou pout dekilib la pandan pèfòmans li e li te esplike pi ta ke le fèt ke spektatè yo patap fè bwi te lakoz li te ka tande telefòn ap sonnen - sa ki te anpeche l konsantre kòmsadwa.

Atlèt Amerikèn nan ki gen 27 an pran meday ajan an nan konpetisyon lendi a, sa ki vinn ajoute sou meday lò li deja ranpòte nan lòt konpetisyon jimnastik Paris yo.

" Mwen paka fache ak pèfòmans mwen. Sa gen kèk ane desa mwen pat menm kwè mwen tap tounen nan jezolenpik yo - donk le fèt ke mwen patisipe epi ranpòte 4 meday mwen pa fache. Mwen fyè de tèt mwen e li toujou eksitan pou fè konpetisyon."

Simone Biles gen 7 meday lò ke li pran nan Je Paris yo e sa vinn fè yon total 11 meday Olenpik ke li ranpòte depi gran debi li nan Je Rio de Janeiro yo, sa gen 8 an desa.

XS
SM
MD
LG