Accessibility links

Breaking News

Celine Dion Remonte sou Sèn nan pou Seremoni Ouvèti Jezolenpik yo


Chantez Celine Dion salye fanatik yo devan otel li anvan patisipasyon li nan Jezolenpik 2024 yo.
Chantez Celine Dion salye fanatik yo devan otel li anvan patisipasyon li nan Jezolenpik 2024 yo.

Chantez Celine Dion remonte sou sèn nan Vandredi kote li chante mizik klasik Edith Pieaf la, "L'Hymne A l'Amour" pou klotire seremoni ouvèti Jezolenpik Paris yo.

Vedèt la, ki gen 56 zan deklare nan fen ane 2022 a, ke lap soufri ak yon maladi nerolojik ra ki rele "sendwom ko rèd" ki koze spasm nan misk yo.

Sendrom sa a lakoz misk yo vin rèd epi li ogmante sansibilite li vizavi son, sansasyon ak men, epi nempot ki bagay ki stimile emosyon ka deklanche atak. Kondisyon sa a te lakoz chantez la, ki ranpote plizyè pri Grammy, pou l anile tout spektak li te planifye pou ane 2023 ak 2024 yo.

Chantez Kanadyèn nan te tanmen karyè li ak chanson Franse, pa prezante okenn spektak an dirèk depi mwad Mas 2020, lè li te pèfome nan New Jèrze.

Dion, ki gen renome pou chanson ki te sèvi kom tèm film "Titanic" la, an palan de "My Heart Will Go On," te tonbe anba je spektatè Madi epi deklanche bwi kom kwa li tapral patisipe nan seremoni ouvèti Jezolenpik yo.

XS
SM
MD
LG