Accessibility links

Breaking News

Kiyès ki JD Vance?


Election 2024 RNC VP
Election 2024 RNC VP

Ansyen Prezidan Donald Trump chwazi Senatè Ameriken JD Vance ki reprezante eta Ohio nan Sena a kom vis prezidan li nan moman lap chache reprann kontwol Lamezonblanch.

Men kèk bagay ou dwe konnen sou Vance, 39 an, kap sèvi premye manda li nan Sena Etazini:

Vance atire renome gras ak yon liv li ekri ki rele 'Hillbilly Elegy'

Vance pran nesans epi grandi nan Middletown, Ohio. Li te enskri nan Merin Etazini epi sèvi ak fos militè a an Iraq. Pi ta li te diplome nan Inivèsite d Eta Ohio ak lekol de dwa Yale. Li te travay sou kom envestisè an kalital-risk nan Silicon Valley, Kalifoni.

Vance te vinn popilè gras ak liv li, ki te vann kou pate cho e ki te pami liv ki vann plis kopi an 2016. Li te pibliye li lè Trump tap postile pou prezidans la. Liv la bay misye yon repitasyon kom moun ki te ka ede poukisa klas mwayèn Etazini an tèlman emèveye ak Trump epitou poukisa li atire anpil manm klas travayè yo ak elektè blan ki rete nan zon riral yo. Se moun sa yo ki te ede misye ranpote prezidans la.

"Hillbilly Elegy" te entwodui Vance tou ak fanmi Trump la. Donald Trump Jr. te adore liv la e li te konnen Vance lè li te lanse karyè politik li. Mesye yo te vinn zanmi epi rete zanmi.

Eli pou premye fwa an 2022

Apre Donald Trump te ranpote eleksyon 2016 la, Vance te retounen nan eta Ohio epi tabli yon gwoup charite anti-opioid. Li te vwayaje tou pou fè diskou e li te yon envite d onè nan dine Repibliken Jounen Lincoln kote li te rakonte istwa lavi li. Nan istwa sa a gen tray Vance te pase akoz adiksyon manman li te genyen ak dwog. Anpil moun di sa te touche yo.

Parèt piblik sa yo sete opotinite pou Vance vann ide li pou ranje peyi a epi sa ede l tabli yon kad pou antre li sou sèn politik la an 2021. Li te mennen kanpay pou ranpli syèj Repibliken Rob Portman nan, apre misye te pran retrèt li.

Trump te apiye kandidati Vance. Apre sa, Vance te ranpote yon eleksyon primè ki te chaje ak kandida Repibliken epi apre sa, eleksyon jeneral la.

Vance pase de 'jamè Trump' a alye fewòs

Vance pat janm yon patizan Repibliken "jamè Trump" an 2016. Li te di Trump "danjre" epi "pa gen kalite nesesè" pou ranpli pos la. Madanm Vance, avoka Usha Chilukuri Vance, se yon Amerikèn d orijin End e li gen 3 pitit ak misye. Li te kritike pawol rasis Trump konn pale yo epi di li taka "Hitler Ameriken an".

Men lè Vance te rankontre Trump an 2021, li te chanje opinyon epi site sa misye akonpli kom prezidan. Tou le 2 mesye yo pa mete aksan sou kritik Vance te lanse kont li nan le pase.

Apre li te eli, Vance te tounen yon alye fewòs Trump nan Kongrè a, epi defann politik li ak konpòtman li.

Yon vwa konsèvatè enpòtan

Kevin Roberts, prezidan gwoup konsèvatè Heritage Foundation nan deklare Vance se youn nan prensipal vwa mouvman konsèvatè a. Sitou vizavi kestyon tankou kijan Etazini ta dwe sispann politik etranje entèvansyonlis li a, ekonomi mache lib ak dominasyon kilti Ameriken an.

Demokrat yo di li se yon ekstremis, e yo site pozisyon pwovokatif li pran men apre sa chanje lide. Vance te siyale ke li apiye lide pou yo adopte yon entèdiksyon nasyonal sou dilatasyon apre 15 semèn pandan li tap postile pou Sena a. Apre sa li te soulaje pozisyon liy di li a apre li te konstate ke elektè Ohio yo te apiye ak fos yon amdanman an 2023 ki apiye dwa medam yo genyen pou yo fè dilatasyon.

Pa rapò ak eleksyon 2020 an, li te di li patap sètifye eleksyon an imedyatman si se limenm ki te vis prezidan Trump. Li te di ke Trump te gen yon doleyans ki "trè lejitim". Yon pakèt ankèt andedan ak andeyo gouvènman an pa jwenn okenn fwod ditou ki ta lakoz se Trump ki te genyen eleksyon 2020 an fas ak Prezidan Demokrat Joe Biden.

Nan Sena a, Vance pa fwa apiye lide pou politisyen 2 pati yo travay ansanm. Li te pote kole ak Senatè Demokrat Ohio, Sherrod Brown sou yon pwojè lwa ki gen rapo ak sekirite pou chemen d fè a apre yon aksidan kote yon tren te pran dife nan vilaj East Palestine nan eta OHio. Li patwone pwojè lwa ki ogmante finansman pou retabli Gran Lak Ameriken yo epi apiye pwojè lwa Demokrat yo apiye pou ede travayè yo ak fanmi yo.

Vance fò nan deba, kotize lajan

Moun ki familye ak pwosesis pou chwazi yon vis prezidan di Vance se yon moun ki dwe nan fè deba. Li konn kotize lajan epi li konn kijan pou l esplike vizyon Trump genyen pou peyi a.

Charlie Kirk, fondatè gwoup militan konsèvatè Turning Point USA deklare Vance esplike pwend vu Etazini Dabo yo pataje a e li taka ede Trump ranpote la viktwa nan eta li te pèdi pa yon maj tou mens an 2020, tankou Michigan ak Wisconsin. Eta sa yo pataje menm prensip, menm tip sitwayen ak menm ekonomi ak Ohio.

XS
SM
MD
LG