Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Ameriken 'Pran yon Poz' Apre Vyolans Politik ki Sible Trump


PrezidanJoe Biden pwononse yon diskou pou nasyon an depi Biwo Oval Lamezonblanch la, 14 Jiye, 2024.
PrezidanJoe Biden pwononse yon diskou pou nasyon an depi Biwo Oval Lamezonblanch la, 14 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden ankouraje Ameriken pou yo "pran yon poz" apre tantativ asasina ki fèt kont rival Repibliken li an, ex-Prezidan Donald Trump.

Nan twazyèm diskou televize li nan lè kote plis sitwayen ap gade televizyon ke li pwononse depi li pran pouvwa a an 2021, Prezidan Biden deklare: "nou paka e nou pa dwe desann sou chimen vyolans politik la apre fiziyad ki dewoule pandan yon miting politik Trump tap fè nan eta Pènsilvani.

Biden Mande Ameriken 'Pran yon Poz' Apre Vyolans Politik ki Sible Trump
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:26 0:00

Pi bonè Dimanch Biden te kondane zak vyolans politik epi lanse yon apèl pou inite nasyonal. Li te ankouraje Ameriken pou yo pa tire okenn konklizyon nan moman fos de lod yo ap mennen ankèt sou ensidan an.

"Pa gen okenn plas pou kalite zak vyolans sa yo - ni okenn vyolans pa kont," Biden te deklare. Li te gen bo kote l vis prezidan li ak minis jistis la.

Li ajoute: "Yon tantativ asasina kontrè ak tout sa nou reprezante antanke peyi - tout bagay. Se pa sa nou reprezante antanke nasyon, li pa Ameriken, e nou paka kite bagay konsa rive."

Li kontinye pou l di: "Inite se objektif ki pi difisil pou atèn men pa gen okenn bagay ki pi enpotan pase sa pou kounyea. Inite. Nou pral fè deba e nou pap dako - sa pap chanje. Men nou dwe sonje kiyès nou ye antanke Ameriken."

Biden Lanse Apèl pou Inite Apre Tantativ Asasina Kont Trump la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:27 0:00

Biden di Trump "byen e lap rekipere" e ke li pran mezi pou mande Sèvis Sekrè a ogmante sekirite ozalantou Trump epi mete tout resous a la dispozisyon yo pou asire sekirite li.

Biden di li mande ajans elit yo pou yo revize tout mezi sekirite yo nan moman Repibliken yo - pami yo Trump - ap fv preparasyon pou yo ale Milwaukee nan eta Wisconsin Lendi, kote Konvansyon Nasyonal pati Repibliken an pral dewoule. Se la ke yo ta sipoze nomen Trump ofisyèlman kom kandida a la prezidans pati a.

XS
SM
MD
LG