Accessibility links

Breaking News

Trump Blese Men 'Sen e Sof' Apre yon Tantativ Asasina Pandan li tap Mennen Kanpay nan Pensilvani


Kandida a la prezidan pati Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump kite sen nan ak asistans otorite yo pandan yon miting politik nan Butler, Pensilvani 13 Jiye, 2024.
Kandida a la prezidan pati Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump kite sen nan ak asistans otorite yo pandan yon miting politik nan Butler, Pensilvani 13 Jiye, 2024.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump deklare Samdi swa ke yon bal raze zorèy dwat li apre yon moun te tire nan direksyon li pandan li tap mennen kanpay nan Pènsilvani.

Evenman sa a te lakoz Prezidan Joe Biden, Vis Prezidan Kamala Harris ak ansyen Prezidan Barack Obama te pibliye deklarasyon sevè pou kondane zak vyolans politik.

Trump Blese Men 'Sen e Sof' Apre yon Tantativ Asasina Pandan li tap Mennen Kanpay nan Pensilvani
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:06 0:00

Ensidan an ke FBI ap envestige antanke tantativ asasina, dapre sa laprès rapote, menase tou pou l entansifye pi plis epi konplike yon kous prezidansyèl ki deja konplike.

Trump konfime tou nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal li, Truth Social, ke yo touye moun nan e ke yon moun ki te asiste rankont la nan vil Butler mouri tou. Gen yon lot moun ki blese. Nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal X, Sèvis Sekrè Etazini deklare 2 moun ki te asiste rankont la blese.

Trump te remèsye tou ajan Sèvis Sekrè yo ak otorite yo pou travay yo.

Trump deklare: "Sak pi enpotan, mwen ta renmen prezante kondoleyans mwen bay moun ki te asiste miting mwen an ki mouri epitou fanmi moun ki blese grav la. Se yon bagay ki enkwayab ke yon zak konsa ka dewoule nan peyi nou. Nou pa konn anyen sou moun ki tire a pou kounyea, men li mouri."

Trump ajoute: "Mwen pran yon bal ki pèse pati anlè zorèy dwat men. Mwen te konnen tou suit on bagay pat byen lè mwen tande yon bagay ap pase rapid rapid bo kote mwen epi mwen tande yon moun tire epi tou suit mwen te santi bal la pèse po mwen. Gen anpil san ki koule, donk se lè sa a mwen reyalize sak tap pase. Bondye Beni Lèzetazini!"

Trump pa bay okenn lot detay sou kondisyon sante li ni si yap mennen ankèt sou li antanke tantativ asasina.

Pot pawol Sèvis Sekrè a, Anthony Guglielmi pibliye yon deklarasyon sou rezo X ki pa di "asasina" men sèlman ke "nap mennen ankèt sou ensidan an."

Reyaksyon Demokrat

Prezidan Joe Biden pa pèdi tan pou l pibliye yon deklarasyon kote l di: "Map lapriyè pou li ak fanmi li ak tout moun ki te asiste miting lan." Li ajoute "Pa gen plas pou kalite zak vyolans sa yo Ozetazini. Fok nou inifye antanke nasyon epi kondane l."

Vis Prezidan Harris pibliye yon deklarasyon tou kote li swete Trump rekipere rapidman epi di "Fok nou tout kondane zak lach sa a epi fè tout sa nou kapab pou asire sa pa debouche sou plis zak vyolans.

Ansyen Prezidan Barack Obama te pataje menm santiman ak Biden.

Li di: "Absoliman pa gen oken plas pou zak vyolans politik nan demokrasi nou an. Malgre nou poko konnen ak pase, fok nou tout soulaje ke ansyen Prezidan Trump pat blese grav epi pwofite moman sa a pou reprann angajman vizavi sivilite ak respè nan politik pey nou. Michelle avè m espere li va reprann li rapidman."

Reyaksyon Analis

Analis yo di se yon evenman istorik.

"Jodia mond lan chanje," Pwofesè Casey Burgat ki travay nan inivèsite George Washington deklare. "Tantativ asasina kont ansyen Prezidan Trump pral non sèlman gen gwo konsekans sou eleksyon sa amen tou sou politik Ameriken an jeneral."

Tantativ Asasina kont Ex-Prezidan Donald Trump Pandan yon Miting Politik nan Pensilvani
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:23 0:00

Sak Pase?

Yon ti tan apre Trump te monte sou sèn nan vè 6 zè nan apremidi lè lokal, foul la te tande kout zam anvan ex-prezidan an te manyen figi li epi bese. Sèvis Sekrè te antoure l rapidman epi moun te ka tande misye ap di te m pran soulye mwen epi apre sa li te kanpe epi yon gwoup ajan te ansèkle li.

Apre sa moun te ka wè san ap soti nan zorèy dwat li epi Trump te repete tann tann epi li te leve ponyèt dwat li move kou kong nan direksyon kote kout zam la te soti epi li repete yon pawol ki sanble sete "goumen, goumen, goumen".

Reyaksyon Repibliken

Patizan Repibliken Trump yo reyaji rapidman.

Senatè JD Vance ki reprezante eta Ohio e ki sanble pami moun ki gen plis chans pou Trump chwazi l kom vis prezidan pibiye yon mesaj sou X ki di "Tout moun lapriyè avèm pou prezidan nou Prezidan Trump ak tout moun ki te asiste miting la. M espere tout moun anfom.

Yon lot politisyen ki sou lis kandida pou vis prezidans la, Senatè Marco Rubio ki reprezante eta FLorid pibliye yon mesaj sou X ki di: "Bonye pwoteje Prezidan Trump.

Lidè mondyal yo komanse reyaji tou.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell ekri vesyon orijinal repotaj sa a ann Angle

XS
SM
MD
LG