Accessibility links

Breaking News

FBI Idantifye Sispèk la nan Tantativ Asasina Trump


FBI (Biwo Federal Envestigasyon) deklare Dimanch li idantifye yon sispèk men li poko konnen poukisa moun sa a te vle asasinen ansyen Prezidan Etazini Donald Trump. Se youn nan zak vyolans politik pi wo pwofil ki dewoule Ozetazini depi plizyè dizèn lane.

FBI idantifye sispèk la kom Thomas Matthew Crooks, 20 an. Li abite nan vil Bethel Park nan eta Pènsilvani. Tantativ asasina a fèt pandan yon miting politik nan yon banlye vil Pittsburgh, ki se youn nan vil prensipal eta a.

Crooks enskri kom elektè Repibliken men li te kontribye $15 pou kanpay politik yon gwoup liberal, dapre dokiman sou elektè Ameriken ki piblik, ke plizyè medya site.

Omwens yon spektatè mouri epi 2 lot blese grav pandan fiziyad ka ki dewoule nan yon gwo espas an plèn èr nan yon zon riral.

Tantativ Asasina kont Ex-Prezidan Donald Trump Pandan yon Miting Politik nan Pensilvani
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:23 0:00

Apepre 6 minit apre Trump te monte sou sèn nan, moun te ka tande plizyè kout fizi - sak te lakoz ansyen prezidan an te manyen zorèy dwat li epi bese anba yon mèb anvan ajan Sèvis Sekrè yo te antoure l.

Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal, Trump deklare li "anfom" apre li pran yon bal ki pèse yon pati zorèy li. Lopital ki te swaye li te lage l ta Samdi swa.

Kijan Trump Ye Jodia?

Dimanch maten, Trump pibliye yon lot mesaj kote li di: "Mèsi tout moun pou mesaj nou yo ak lapriyè nou yè, se Bondye sèl ki te anpeche yon bagay moun paka kwè rive m. Nou PAP KRAPONNEN, men pito rete reziyan nan Lafwa epi Defye Mechan yo."

Trump di lap byen kontan pale ak peyi a Jedi nan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an, kap dewoule nan vil Milwaukee nan sant-wès Etazini. Se pandan konvansyon sa a ke yo pral nomen Trump ofisyèlman kandida prezidansyèl pati a pou eleksyon 2024 la.

Kisa Temwen yo Wè?

Dapre sa temwen di ak videyo moun pibliye sou rezo sosyal yo, sispèk la te kenbe yon fizi e li te grenpe sou twa yon bilding tou pre a, anvan li te komanse tire. Plizyè temwen te pran rele pou atire atansyon lapolis ki te tire e touye sispèk la apre sa.

Ensidan an soulve kestyon sou nivo pwoteksyon Sèvis Sekrè a te bay Trump.

Repibliken yo Mande Ankèt

Lidè Repibliken nan Lachanm Depite di yo pral lanse yon "ankèt konplè" sou ensidan an e yo mande direktè Sèvis Sekrè a, Kimberly Cheatle pou l vinn asiste yon odisyon sou kestyon an.

Nan yon lèt li pibliye byen ta Samdi sou rezo sosyal X, Prezidan Komsisyon Lachanm nan ke Repibliken yo kontwole deklare "Ameriken egzije repons sou tantativ asasina kont Prezidan Trump la."

Alex Gray, yon ansyen responsab Konsèy Sekirite Nasyonal Trump la di tantativ la montre pwoteksyon Sèvis Sekrè pou Trump te "fèb konpare ak menas ki devan li yo."

Li ajoute: "Fok yo ogmante pwoteksyon li tou suit pou mete l nan menm nivo yo bay prezidan yo - pa ansyen prezidan."

Pi bonè Samdi, Kevin Rojek, ajan espesyal FBI ki dirije sikisal Pittsburgh la te di jounalis yo li "etonan" ke sispèk la tire 4 ou 5 fwa anvan yo te touye l.

Biden Rele Trump

Trump, ki te vwayaje al lakay li nan eta New Jèrze apre ensidan an pa di anpil bagay sou tantativ asasina a.

Ta Samdi swa, Lamezonblanch te fè konnen Biden te pale ak Trump men li pa bay detay konvèsasyon an. Administrasyon an di tou ke Biden tap tounen nan Lamezonblanch bonè Dimanch olye li rete lakay li nan eta Delaware, jan li te planifye pou fè sa.

Jounalis VOA Bill Gallo, Anita Powell ak Ken Bredemeier ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG