Accessibility links

Breaking News

FBI: Thomas Matthew Crooks, 20 an, Se Non Sispè Ki Tire Trump la


Law enforcement members guard the perimeter of the home of Republican presidential candidate and former U.S. President Donald Trump's shooting suspect
Law enforcement members guard the perimeter of the home of Republican presidential candidate and former U.S. President Donald Trump's shooting suspect

Envestigatè FBI yo idantifye sispè ki te fè tantativ asasina kont ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump lan.

Dapre FBI, sispè a rele Thomas Matthew Crooks, li gen 20 an, e li se moun Pennsilvani.

Nan yon nòt pou laprès li voye bay rezo televizyon NBC ak CBS, FBI di: "Nou te idantifye Thomas Matthew Crooks, 20, ki se moun Bethel Park, Pennsylvani, kòm moun ki enplike nan tantativ asasina ansyen Prezidan Donald Trump nan dat 13 jiyè a nan Butler, Pennsylvani".

XS
SM
MD
LG