Accessibility links

Breaking News

Kremlin an "Kondane" Atak Ki Fèt Kont Ansyen Prezidan Ameriken Trump


Apre tantativ asasina ki fèt sou ansyen prezidan ameriken Donald Trump, Kremlin an di li "kondane ak tout fòs vyolans nan kad lit politik la".

Dimanch 14 jiyè a, pòtpawòl kremlin an Dmitry Peskov di Larisi kondane atak sila.

Deklarasyon an te kontinye poul di"Apre anpil tantativ pou elimine kandida Trump nan tèren politik la, anvan yo sèvi avèk zouti legal, (...), tribinal, pwosekitè, tantativ pou diskredite politikman, li te evidan pou tout obsèvatè deyò Etazini wè ke lavi li an danje"..

Yo kontinye pou di: "nou pa kwè ditou ke tantativ la (...) te òganize pa pouvwa aktyèl la".

XS
SM
MD
LG