Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Voye Jete Dosye Dokiman Sekrè Trump la


Jij Federal kap prezide dosye dokiman sekrè ex-Prezidan Donald Trump la voye jete ka sa a ki devan tribinal eta Florid.

Jij Aileen Cannon apiye opinyon avoka defans yo ki di mèt espesyal ki te asiyen Trump la se yon nèg Depatman Jistis la te nomen ilegalman.

Eric Tucker se yon jounalis Associated Press

"Trump deja pibliye yon deklarasyon kote li di se yon premye pa nan sa ki ta dwe rive nan tout pwose legal li yo. Li di tout le 4 se jwèt e yo te dwe voye yo jete. Men m kwè nou dwe souliyen ke rejè a se pa vle di jij la kwè Trump ni koupab ni inosan. Avoka Defans yo prezante yon agiman ki trè legal e trè teknik pou n pa di ansyen pou di mèt espesyal ki te jere dosye a Jack Smith, se yon nèg ke Depatman Jistis la nomen ilegalman paske li Sena a pat konfime nominasyon an. Byen antandu Depatman Jistis la di pwosesis sa a pa nesesè e ke se pa yon bagay ke yo oblije fè dapre règ ki egziste yo e lot jij yo pa mande sa non plis."

Ekip Mèt Espesyal Jack Smith la konteste ak fos tout jefo Trump te fè pou voye jete dosye a.

Yo akize Trump dèske li te ranmase epi sere yon pakèt dokiman sekrè gouvènman an lakay li nan Palm Beach, epi bloke jefo FBI tap fè pou reprann dokiman sa yo.

Avoka akizasyon yo kapab ale ann apèl kont desizyon jij la e li posib pou yon Kou d Apèl ranvèse desizyon jij la.

"Byen antandu yo ka ale an apèl kont lod jij la. Kidonk nou ka atann aske Mèt Espesyal Jack Smith fè sa tou suit, epi mande Kou Dapèl 11èm Sikui aksepte demann li pou defye lod la epi retabli dosye a."

Yon pot pawol Smith pat reponn demann AP te fè pou komantè Lendi, e ekip Trump la pat fè komantè tou suit non plis.

XS
SM
MD
LG