Accessibility links

Breaking News

Trump di NYP "Mwen te Sipoze Mouri"


Trump Media Stock
Trump Media Stock

Ansyen prezidan ameriken Donald Trump di New York Post Dimanch ke li te "sipoze mouri" apre li te siviv yon tantativ asasinay ke li te dekri kòm yon "eksperyans nan yon mond ki pa reyèl."

"Mwen pa te sipoze isit la, mwen te sipoze mouri," se deklarasyon sa Trump bay nan jounal New York Post nan yon entèvyou abò avyon li pandan li te sou wout pou ale Milwaukee pou Konvansyon Nasyonal Repibliken an kote yo pral konfime li kòm kandida prezidansyèl pati a.

Li di: Sete yon "eksperyans ki pat nan mond reyèl la ditou", e ansyen prezidan an te gen yon bandaj blan ki kouvri zòrèy dwat li.

Samdi pandan Trump te nan yon miting kanpay prezidansyèl, yon sispèk te tire sou li e katouch la fwote zòrèy li.

Trump di jounal la li ta ka mouri si li pa te panche tèt li yon ti kras sou bò dwat pandan li te ap gad yon pankat sou chif imigran ilegal pandan li tap pale ak foul ki te reyini an.

Li kontinye pou l di "Anpil moun ap di se gras a Bondye mwen vivan la toujou ".

Li fè lwanj tou pou ajan sèvis sekrè yo ki te touye tirè a.

"Yo elimine l ak yon sèl katouch nan mitan 2 grenn je li".

Li ajoute: "Yo te fè yon konkennchenn travay". "Sa te parèt pou nou tout kòm yon bagay nan yon mond ki pa reyèl."

Imaj Trump, kote li leve yon men li anlè padan plizyè ajan Sèvis Sekrè te antoure li, te fè aktyalite sou plizyè paj jounal nan mond la, epi foto sa gaye sou rezo sosyal yo.

Ansyen prezidan an di New York Post, "Anpil moun di se foto ki pi istorik yo te janm wè," e li ajoute "Yo gen rezon e mwen pa mouri. An jeneral ou dwe mouri pou gen yon foto istorik."

Se deklarasyon sa Trump te fè bay jounal New York Post dimanch apre li te siviv yon tantativ asasinay sou lavi li samdi.

XS
SM
MD
LG