Accessibility links

Breaking News

Trump Chwazi Kandida a la Vis Prezidans li


Foto Achiv: Senate JD Vance (Repibliken Ohio) ak kandida a la prezidans Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan yon miting politik nan Vandalia, Ohio, 16 Mas, 2024.
Foto Achiv: Senate JD Vance (Repibliken Ohio) ak kandida a la prezidans Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan yon miting politik nan Vandalia, Ohio, 16 Mas, 2024.

Donald Trump chwazi moun ki pral vis prezidan li. Se sa yon moun ki familye ak pwosesis desizyon an di Associated Press men ki mande pou yo pa site non li.

Yo atann yo aske Trump fè yon parèt nan konvansyon Nasyonal Repibliken an pi ta Lendi apremidi nan moman yap nomen ofisyèlman vis prezidan an.

Senate Florid Marco Rubio ak Gouvenè Dakota di Nò Doug Burgum resevwa nouvèl ke yo pa chwazi yo kòm vis prezidan. Se sa moun ki familye ak konvèsasyon yo di.

Kandida ki rete a se Senate Ohio JD Vance. Misye pa resevwa okenn apèl pou di yo pa chwazi l. Sepandan, Trump konn siprann tout moun ak desizyon pesonn pat atann donk nap suiv.

XS
SM
MD
LG