Accessibility links

Breaking News

Ruto ak Madanm Mande Èd Kèk Pastè Kenyan pou Lapriyè pou gide Misyon Polis ki pral Ayiti a


HAITI-VIOLENCE/KENYA-EVANGELICALS
HAITI-VIOLENCE/KENYA-EVANGELICALS

Prezidan William Ruto ak Madanm li Mande èd lapriyè kèk pastè Kenyan pou gide misyon polis ki gen pou al Ayiti a.

Premyè dam kenya deklare “Nou paka pèmèt ofisye polis nou yo ale Ayiti san lapriyè, kidonk, yo te etabli estrateji sou yon solisyon espirityèl ak lapriyè pou polisye nou yo ki pral Ayiti epi lapriyè pou pèp ayisyen an. »

Ruto ak madanm li, Rachèl, montre lafwa yo an piblik. Yo te angaje lidè evanjelik yo nan pwoblèm leta yo, tankou atravè pwogram "diplomasi lafwa" Premye Dam nan, ki angaje lidè relijye yo pou sipòte inisyativ sosyal yo. Nan yon rankont nan mwa mas ak pastè evanjelik yo, Rachel Ruto tal nan yon lòt evènman relijye nan menm otèl la epi li eksplike ke gwoup la ap travay sou yon "solisyon espirityèl" pou Ayiti.

Pastè Evanjelik Julius Suubi te di “Legliz Ayiti travay ak lòt Legliz, tankou Legliz Kenya, Legliz Etazini, yo mete tèt ansanm epi repanti, answit denonse ak revoke alyans gang yo, men Legliz la dwe patisipe paske se yo menm ki nan peyi kote alyans lan te fèt. Li te fèt sou tè ayisyen an e se poutèt sa yo dwe retire l sou tè ayisyen an. »

Serge Musasilwa, pastè evanjelik Kenyan ki patisipe nan inisyativ la te di jounal Reuters li kwè ke lapriyè ta ka ede kwape vyolans nan Kenya ke yo ka toujou fè apèl ak sans moral Barbecue.

“Nèg sa ka yon dyab, men gen yon bagay nou ka apiye sou li. li toujou reyalize ke aprè asasinay Jovenel Moïse, konstitisyon Ayisyen an gen yon fason pou ranplase li."

Se pa tout moun ki konvenk ak estrateji pastè Kenya yo. Doktè Hassan Khannenje, direktè Enstiti Entènasyonal HORN pou Etid Estratejik, yon gwoup refleksyon ak rechèch politik ki Nairobi, kwè se Pan-Africanism Ruto ki te enspire angajman li nan misyon an.

Yon direktè òganizasyon dwa moun nan afrik de lès la Otsieno Namwaya te di ke li gen gwo enkyetid sou fòs ki pral deplwaye Ayiti a li te deklare “Youn nan enkyetid yo se ke fòs kap deplwaye pou soutni Ayiti a, kit se lapolis oswa lame, dwe konfòme yo ak sèten nòm. E nou di, Kenya deplwaye lapolis e polis Kenyàn nan se yon kat make pou dosye abi e si Kenya deplwaye lapolis, premye bagay ki dwe fèt se asire ke polisye ki te enplike nan vyolasyon dwa moun yo pa deplwaye lòt bò a."

Prezidan William Ruto bò kote pal te di ke sekirite ak lapè dwe etabli tout kote, “Kenya kwè ke responsablite pou lapè ak sekirite tout kote, enkli ann Ayiti, se responsablite kolektif tout nasyon ak moun ki kwè nan libète, otodetèminasyon, demokrasi ak jistis e se pou sa Kenya te pran responsablite sa a. »

Lè Prezidan Kenya a, William Ruto, te vizite Etazini nan yon vizit ofisyèl, li te renouvle angajman peyi a pou l te voye yon fòs polis pou ede Ayiti ak pwoblèm vyolans ke gang yo alimenté pou dirije kapital la, Pòtoprens.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te apwouve misyon an nan mwa oktòb 2023. Malgre defi yo nan misyon an, administrasyon Ruto a te ensiste pou di ke deplwaman an dwe fèt. Nan preparasyon an, Prezidan William Ruto te chèche konsèy nan men konseye politik ak sekirite. Men, li te chèche plis konsèy ki pa konvansyonèl tou, nan men yon gwoup pastè evanjelik kretyen ki pwòch li ak madanm li.

XS
SM
MD
LG