Accessibility links

Breaking News

Delegasyon Kenya Kite Ayiti Apre yo Ranvwaye Deplwaman Misyon Miltinasyonal la


Yon otobus pase devan yon polisye PNH kap fe patwouy tou pre ayewopo Potoprens la, 24 Me, 2024.
Yon otobus pase devan yon polisye PNH kap fe patwouy tou pre ayewopo Potoprens la, 24 Me, 2024.

Yon ekip responsab polis peyi Kenya ki tap fè konsta preparasyon pou fòs miltinasyonal ke yo pral deplwaye an Ayiti pou jere zak vyolans gang yo tounen lakay li apre yo deside ranvwaye deplwaman an akoz kestyon lojistik.

Ekip la ta sipoze rive Kenya Lendi apre li finn rekòmande pou yo ranvwaye deplaman prezidan an te anonse.

Yon responsab wo plase Kenyan ki derefize pou yo site non li akoz li pa pòtpawòl ofisyèl la di ajans nouvèl Associated Press ke baz pou polisye yo toujou anba konstriksyon e ke resous esansyèl - pami yo machinn nesesè anvan yo ka deplwaye premye gwoup 200 polisye Kenyan yo.

Deplwaman an te sipoze fèt semèn sa a, men Prezidan William Ruto te di yo pral ranvwaye l pou 3 semèn.

Responsab Kenyan yo te rive an Ayiti Madi epi rankontre polis nasyonal Ayiti (PNH) Jedi. Yo te rankontre manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an Vandredi.

Prezidan Etazini Joe Biden eksprime Jedi gratitid li vizavi Ruto, ki sot fè yon vizit d eta nan Washington, pou volonte li pou dirije deplwaman an.

Lèzetazini dakò pou kontribye $300 milyon pou fòs miltinasyonal kap gen ladann 1,000 polisye Kenyan epi polisye ki soti Jamayik, Bahamas, Antigue ak Barbuda e lot peyi ankò.

XS
SM
MD
LG