Accessibility links

Breaking News

Biden Pwomèt Sipò pou Kenya an Ayiti


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden kanpe ak Prezidan Kenya William Ruto ak premye dam Kenya Rachel Ruto, sou balkon salon Ble Lamezonblanch la, 23 Me, 2024.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden kanpe ak Prezidan Kenya William Ruto ak premye dam Kenya Rachel Ruto, sou balkon salon Ble Lamezonblanch la, 23 Me, 2024.

Prezidan Joe Biden pwomèt sipo Etazini pou Kenya sou divès kestyon soti depi soulajman dèt pou rive nan zak vyolans yo an Ayiti. Biden fè pwomès sa a pandan yon konferans pou laprès konjwen ak Prezidan Kenya William Ruto.

Biden eksprime Jedi gratitid li vizavi Ruto pou volonte Kenya pou voye polisye an Ayiti pou ede peyi a konbat zak vyolans gang yo. Li defann tou desizyon li te pran pou l pa voye twoup Ameriken an Ayiti.

"Se yon kriz fok nou jere l, e mwen kwè nap jere l byen. Nou adopte yon apwoch miltinasyonal. Ayiti ap dirije jefo a e noumenm (Etazini) nap kontribye ransèyman epi ekipman."

Ruto te bay opinyon pa li tou.

"Gang ak kriminèl pa gen nasyonalite. Yo pa gen reliyon. Yo pa gen langaj. Yo gen yon sèl lang. Pou fè fas ak yo fok ou fo, desizif epi respekte lwa yo. Se poutèt sa nou bati yon kowalisyon nasyon apa Kenya ak Etazini kap fè kontribisyon pa yo nan MSS la (Misyon Sipo Sekiritè) pou Ayiti a, pou asire peyi a kapab kraze gang yo ak kriminèl ki lakoz yon soufrans moun paka dekri an Ayiti."

Biden ak Ruto te pwofite vizit d Eta 3-jou a tou pou mande ekonomi toupatou nan mond lan pou yo pase a laksyon pou redui gwo chay dèt kap peze sou do Kenya ak lot peyi sou devlope yo.

Apèl sa a vini nan moman Biden ap mete ogmante jefo li pou konvenk peyi Afriken yo ke Etazini ka yon pi bon patnè pase rival ekonomik Ameriken - Lachin. Peken ogmante envestisman li sou kontinan an - souvan ak prè kote to enterè yo tèt nèg epi li fè lot egzijans finansye ki mete peyi sa yo nan gwo difikilte.

XS
SM
MD
LG