Accessibility links

Breaking News

Biden ap Onore Prezidan Kenya, nan Moman Polisye Kenyan ap Pare pou al Ayiti


Prezidan Joe Biden akeyi Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch nan Washington, 22 Me, 2024.
Prezidan Joe Biden akeyi Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch nan Washington, 22 Me, 2024.

Prezidan Joe Biden akeyi Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch nan moman lap tanmen yon vizit ofisyèl kap dire 3 jou Ozetazini.

Biden pral deziye peyi Afrik de Lès la, kòm gwo alye Etazini ki pa manm LOTAN, nan moman peyi sa a pare pou voye 1,000 polisye an Ayiti nan pou dirije yon misyon LONU apwouve pou jere ensekirite a.

Gen 2 responsab gouvènman Ameriken an ki dekri deziyasyon an, ki lajman senbolik. Yo te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo. Yo di anons la pral fèt pandan vizit d eta Ruto a ki te tanmen nan Lamezonblanch Mèkredi apremidi. Chèf deta yo te rankontre lidè teknoloji Kenyan yo.

Kenya se premye peyi Afriken ke yo onore ak yon vizit ofisyèl depi ane 2008.

Pandansetan, David Andre, manm gwoup KOMOKODA (Komite Mobilizasyon Kont Diktati nan Peyi d Ayiti) anonse yo pral manifeste kont vizit Ruto a nan Washington. Gwoup la, ki gen baz li nan Brooklyn pral pran lari depi 10 zè di maten devan Lamezonblanch pou montre mekontantman yo vizavi plan pou voye yon fòs miltinasyonal an Ayiti. Kenya pral dirije fòs sa a. KOMOKODA pral manifeste tou devan Anbasad Kenya nan vil Washington epi Anbasad peyi d Ayiti.

KOMOKODA Pral Pwoteste Kont Vizit Prezidan Kenya nan Washington
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:06 0:00

Se ansyen premye minis Ayisyen Ariel Henry ki te mande asistans yon fòs miltinasyonal pou ede Fòs Polis Nasyonal Ayiti (PNH) jere ensekirite a epi konbat zak vyolans gang yo.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti fè konnen li apiye lide pou misyon sa a antre an Ayiti pwochènman. Preparasyon ap fèt pou sa, e genyen yon gwoup preliminè Kenyan ki rive Ayiti pandan wikèn nan pou pare chimen an pou deplwaman fòs la.

XS
SM
MD
LG