Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lame Ameriken Ap Prepare Teren pou Deplwayman Fòs Miltinasyonal la


(FILES) US army soldiers queue to board a plane to begin their journey home out of Iraq from the al-Asad Air Base west the capital Baghdad, on November 1, 2011.
(FILES) US army soldiers queue to board a plane to begin their journey home out of Iraq from the al-Asad Air Base west the capital Baghdad, on November 1, 2011.

Lame Ameriken di Madi 8 Me a ke li kòmanse prepare teren pou fòs miltinasyonal ke Kenya pwal dirije a antre ann Ayiti pou kontrekare aktivite gang ki lage peyi a nan yon soufrans ekonomik ak yon kriz imanitè grav.

Kòmandman Sid Etazini te kòdone plizyè vòl avyon militè ameriken ki ateri nan aewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens, dapre yon nòt pou laprès ki soti nan lame a.

Nòt la di tou "Pèsonèl sa a pral travay ansanm ak dirijan ayewopò ayisyen an yo pou bay sekirite pou ekipman ak lòt materyèl ki rive ann Ayiti,"

"Misyon sa a vin posib gras ak efò pati konsène ayisyen yo san rete ki ap chache kenbe aewopò a louvri epi fè li kontinye fonksyone."

Tout peparasyon sa yo se pou arive fòs miltinasyonal ke Kenya pwal dirije ki gen pou vini nan peyi a.

Yon sous nan gouvènman ayisyen an te fè AFP konnen semènn pase a ke yon premye kontenjan 200 polisye peyi Kenya ta dwe rive 23 Me 2024 ann Ayiti.

Pòtpawòl Depatman Deta Matthew Miller te reponn kesyon sou deplwaman fòs sa, kote li di otorite yo pa pibliye okenn dat pou "sekirite operasyon", « men se yon bagay ke nou ap chache reyalize depi li posib. »

Etazini gen entansyon kontribye lajan ak ekipman pou fòs sa a men san bay patisipasyon fizik tankou ak twoup oswa polisye.

XS
SM
MD
LG