Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Pwovizwa Conille, Mande Lidè Politik Yo Mete Diferans yo sou Kote


HAITI-POLITICS/
HAITI-POLITICS/

Nouvo Premye Minis pwovizwa Ayisyen an, Garry Conille, di lendi 3 jen 2o24 la manm nouvo administrasyon an ap mete sou kote diferans politik pou travay nan enterè peyi a, ki ap fè fas ak yon kriz devastatè ki alimente pa aktivite gang yo ap menen sou tèritwa nasyonal la.

Batay gang yo ap menen nan kapital la te fòse dè santèn de milye moun kouri kite kay yo pandan tou y ap fèmen pò nan peyi a tou, sa ki afekte pwovizyon manje, medikaman ak èd. Aktivite gang yo vin kreye yon kriz grangou tou ki afekte plizyè milyon moun.

Conille deklare: "N ap travèse yon moman enteresan pou pèp ayisyen an, yon moman pou gwoup politik yo mete diferans yo sou kote nan enterè nasyon an".

PM nan te ajoute: "Premye enstriksyon manm konsèy tranzisyon an te bay sè ke nou pa gen tan pou n pèdi".

Pwochen misyon PM nan se pral chwazi yon nouvo kabinè epi pave wout la pou premye deplwaman fòs miltinasyonal la ke Kenya pral dirije .

Gwoup feminis ayisyen yo deplore absans fanm pami manm konsèy yo ki gen dwa pou vote, e yo di pat gen okenn fanm ke yo te konsidere pou pòs premye minis la. Feminis yo mande nouvo administrasyon an pou mete fanm nan gouvènman an tou.

XS
SM
MD
LG